Sites


OpenStreetMapAyiti

Ankèt sou teren

Pi bon fason pou kontribye nan OpenSreetMap se pou itilize saw konnen sou teren an, ou pa bezwen anpil bagay pou komanse. Tankou, ou konn ti zòn kote ou rete a byen ak zòn kote ou ap travay la, dayè se la ou pase plis tan. Ou ap kapab wè byen fasil si gen kèk chanjman ki fèt nan zòn nan men ki pa sou kat la. Ou ap kapab katografye sa byen fasil ak imaj satelit oubyen kadas. Ou ka fè menm travay sa tou nan yon zòn ou konnen trè byen.

 

Si ou kontribye konsa ou ede OpenStreetMap fè yon gwo vanse, epi kat la ap toujou gen tout denye enfòmasyon yo ladann. Aprèsa wap toujou verifye si gen lot chanjman nan zòn ou an oubyen nan katye kotew rete a.

Men, siw vle kontribye nan zòn ke ou pa konnen trò byen, gen anpil lòt mwayen pou fè ankèt teren an epi pou metel nan OpenStreetMap. Anpil moun kap kontribye itilize GPS. Chapit sa pral eksplikew kisa GPS la ye epi koman pou sèvi avèl.

Siw pa gen GPS, ou ka itilize yon bagay ki rele Walking Papers. Chapit sa pral eksplikew tou kòman wap ka fè yon Walking Papers. Nan lòt chapit yo nap wè kòman yo itilize lojisyèl ki ka pèmèt ou fè edisyon nan OpenStreetMap.

Fè ankèt teren avèk GPS 

Chapit sa pral moutrew kòman yo itilize yon GPS pou nou ka kontribye nan OpenStreetMap. Nou pral itilize espesyalman yon model GPS ki se Garmin eTrex Vista HCx, se GPS sa yo plis itilize pou fè ankèt teren. Gen anpil lòt model GPS ki ka fè men travay la tou. Jan wap sèvi ak lòt model la ka pa menm jan ak Garmin eTrex Vista HCx men wap toujou itilize menm prensip yo.

kisa GPS la sanble avèk yon telefòn selilè, li pa resevwa siyal rezo telefòn selilè yo men li resevwa siyal satelit ki ap fè laviwonn tè a.

       

Foto satelit yo kap fè laviwonn tè a   Foto GPS la kap chache siyal satelit yo

Lè GPS la jwenn siyal satelit yo voye a, GPS la ap diw ki kote ou ye sou tè a. Li diw ki kote ou ye sou fòm Latitid ak Lonjitid. Lonjitid la diw kotew ye soti nan LÈS rive nan LWÈS daprè sa meridyen Griwitch la bay. Latitid la menm diw ki kote ou ye sou tè a daprè EKWATÈ soti nan NÒ rive nan SID. Chak kote ou pase sou la tè li gen latitid ak lonjitid pal.

Egzanp: Pwen sa ki gen pou latitid 18°32'20.43"N ak lonjitid 72°18'27.31"W se Pòtoprens Ayiti.

        Imaj sa fèt sou Google Earth li montre nou latitid ak lonjitid Pòtoprens Ayiti ye sou la tè 

Kòman pou nou limen GPS la

Nap wè yon arebò dwat GPS la, nap pezel pou jiskaske GPS la limen. Nap wè yon foto tankou sa nap gade anba ki parèt nan GPS la. Foto sa vle di ke GPS la ap chache siyal satelit yo poul ka diw ki kote ou ye sou tè a.

Lè wap limen GPS la fòk ou soti deyò poul ka jwenn siyal Satelit la. Ou pap jwenn siyal satelit la si ou anndan kay.  


                                                  GPS la ap chache siyal Satelit 

Lè GPS la jwenn kantite siyal li ta dwe jwenn nan, foto sa ki parèt sou nan ekran GPS la ap efase epi wap wè paj "menu" GPS la parèt. (wap jwenn egzanp lan nan lòt paj yo)  

Fouye anndan "menu" GPS la

GPS sa gen plizyè paj. Chak paj sa yo diferan . Pou chanje paj, peze bouton ki arebò dwat GPS la ki gen ti siy (X), ou ka fè bak ak menm bouton (X) la tou siw vle tounen sou yon bagay ou te ye avan sa. Wap jwenn bouton sa anba bouton ouvè/fèmen an ki arebò dwat GPS la.

Depi ou antre yon kote ou pat dwe antre oubyen depi ou ta fè yon erè peze bouton (X) pou ka tounen deyè. Gen anpil paj sou GPS la, men kèk paj nan sa ki pi enpòtan yo ke nap bezwen pou nou fè ankèt teren.

 

            Nan 2 paj sa yo, nou wè "menu principal" a goch ak paj pou nou anrejistre tras yo a dwat  

Nan 2 paj sa yo, nou wè paj satelit la a goch epi paj ki gen kat gewografik la a dwat. 

Lè ou gade paj satelit la wap wè ak konbyen satelit ou konekte, epi lew voye jew na kwen anwo paj la a dwat wap  wè Latitid ak Lonjitid kotew ye a sa vle di wap wè pozisyònmanw.

Lèw gade a dwat sou paj ki gen kat gewografik la wap wè tout bagay ki gen sou kat la. Tankou wout, boutik, restoran ak latriye. Men pou ka wè tout bagay sa yo fok ou "telechaje" emfomasyon OpenStreetMap yo, anrejistrel sou yon kat memwa epi metel sou GPS la. De ti bouton ki anwo a goch GPS la ap baw mwayen pou rale kat la vini ak pousel tounen.

Chak fwa ou peze bouton (X) la ki arebò dwat GPS la, wap ale sou you nan paj sa yo ke nou wè anwo a.

Tras ak pwen GPS

GPS la ka pran de (2) kalite enfòmasyon ki trè itil pou nou ka fè kat la. Depi kounyea, nou ka kòmanse fè pwen kote nou ye a la. Pwen sa ap anrejistre nan memwa GPS la. Lè ou pran yon pwen, GPS la tou diw otomatikman latitid la ak lonjitid la, ki donk li tou diw ki kote ou ye sou la tè, epi li tou bay pwen sa yon non tou tankou li ka relel 001, 002, 003 elatriye. Lèw fin pran yon pwen GPS la wap ekri pwen sa sou yon papye oubyen nan yon kaye epi wap mete tout lòt enfòmasyon ki nesesè yo bò kotel. Enfòmasyon tankou adrès, nimewo, ki kalite wout ki pase devan kay sa (si se yon kay). Pwen nou pran yo nou rele yo abityèlman "PWEN GPS" oubyen waypoints.

Lòt bagay nou ka itilize ankò pandan ankèt teren an se yon kamera nimerik. Ou pa bezwen gen yon dènye model kamera oubyen yon kamera ki vann chè, depi ou byen konn sèvi ak kamera epi ou konnen ke li se yon kamera ki bon (menm si li tonbe oubyen men si lapli li pap gen gwo pwoblèm). Li tap pi bon toujou si se yon kamera ki pa two gwo. Toujou regle gwosè foto a nan "meni" kamera a pou kat memwa ka pran anpil foto. Pa egzanp nou ka regle gwosè foto yo konsa (800x600).

 

 Imaj lè nan ekran GPS la

Avanw pran chimenw pou ale nan ankèt teren ou dwe regle lè ki sou GPS ou a ak lè ki sou kamera. Siw paka regle lè a janl ta dwe ye a wap sèlman pran yon foto ekran GPS la. (GPS la ta sipoze gen bon lè siw byen regle lè a nan "menu" GPS la). Wap ka fè lè GPS la ak lè ki sou foto yo vin menm lè tou lè ou fin mete yo sou Java OpenTreetMpa (JOSM).

Chak pwen GPS ou pran wap fè yon foto pou li. Foto a dwe byen parèt. Ou ka pran foto ansèy, pankat, pano siyalizasyon.

Lòt bagay GPS la ka anrejistre ankò se tras. GPS la pap anrejistre selman kotew pran pwen an men la trase tout kote ou pase,se yon paket ti pwen ki telman pre ki fè tras GPS la. GPS la ka trase chak pa ou fè, chak segonn, chak lè ou fè yon (1) mèt. Lè wap gade yon tras ou ka wè ke se yon pakèt ti pwen ki trase wout ou sot fè a. Tras GPS la ap edew trase wout ak tout espas tankou yon jaden, lakou elatriye.

Imaj yon GPS ki ap pran tras

Menm jan nou te dil tanlè a GPS la ka pran pwen men si pwen yo pa pre, epi li ka trase wout wap fè a tou. Lè w mete pwen sa yo sou kat la pwen yo ap monte selon jan ou te pran yo a epi tras yo ap parèt tou. (tras yo ka gen koulè vèt)

 

Nan imaj sa wap gade tras GPS la, li gen koulè vèt

Koman pou nou pran yon pwen GPS

Pran yon pwen GPS, wap kanpe nan pozisyon ou vle pran pwen an, wap peze bouton (X) la pou ka chanje paj, ou prale sou paj saelit la pou ka verifye si oou gen anpil siyal satelit, wap gade anwo paj satelit la si pozisyon an nòmal, si tout bagay anfòm wap peze bouton (X) la ankò pou ale nan paj "menu principal la", wap itilize ti souri a pou deplase jiskaskew rive sou "Marque",Nan paj sa wap gentan wè kèk enfòmasyon sou pwen GPS ke ou pran an. Wap wè nimero pwen an, si se premye pwen ou pran lap rele 001 si se dezyèm nan lap rele 002 elatriye, se nimewo sa ou dwe ekri sou papye a oubyen nan kaye ke wap pran enfòmasyon yo, wap ka wè dat ak lè ou pran pwen an, wap ka wè latitid ak lonjitid tou.


Paj GPS la lè wap pran yon pwen GPS.

Peze souri a klike sou "ok".

Pran anpil prekosyon pou ka byen ekri nimewo a lè wap ekril nan papye a ak tout enfòmasyon ki mache avèl yo.

Peze bouton (X) la pou chanje paj, lè rive sou paj kat la fè yon ti kanpe... wap gentan wè pwens GPS la parèt sou kat la. 

Kòman pou fè GPS la pran tras

Nou gentan konnen koman pou nou pran yon pwen GPS kounyea a nou aprann kòman nou ka fèl anrejistre tras kote nou pase yo. Toujou sonje pou nou kòmanse pran tras depi lè nap fèk kòmanse epi fòk nou sonje lè nou fini tou pou nou fèl sispann pran tras tou. Konsa wap ka wap ka wè tout kotew te pasee yo sou òdinatè a, epi sa ap edew anpil nan kat kew pral fè a tou. Si ou ap trase yon wout toujou sonje pran yon pwen GPS nan kòmansman wout la ak lè wout la fini, epi nan kaye a wap metetout sa ki enpotan de wout la pa egzanp ki kalite wout wout sa ye, sil prensipal, segondè, sil asfalte elatriye. 

Pou ka kòmanse pran tras wap peze bouton (X) la pou ka chanje paj jiskaske ou rive sou paj "menu principal" la, wap deplase ak souri a jiskaskew rive sou kote ki make "traces" la, pou ka efase tras ki te la deja yo (siw pa bezwen yo ankò) wap deplase ak souri a jiskaske ou rive sou "effacer" epi peze bouton souri a. Kounye a lap make 0%. Sa vle di li pa gen okenn tras sou li ankò.

Pou ka kòmanse pran tras wap deplase souri a jiskaskew rive sou kote ki make "On" na epi klike sou li. Kounyea ou pare pou kòmanse pran tras.

Peze bouton (X) la pou ka ale sou paje ki gen kat la. Wap wè wout la kap swiv ou tout kote ou pase.

Dechaje pwen ak tras ki sou GPS la

Depi ou soti nan ankèt teren, premye travay ou dwe fè, se dechaje GPS la pou ka itilize enfòmasyon yo (pwen ak tras yo) nan lojisyel oubyen nan pwogram ke ou pral fè kat reyèl la.

Premye etap: konekte GPS la nan òdinatè a

Premye bagay pou fè lèw sot nan ankèt teren se asirew ke tras la fèmen/off. Wap chache paj "menu" an epi antre nan "traces" epi klike sou "off".

Wap konekte GPS la nan òdinatè a avèk yon kab "USB". Yon pwent kab la ap konekte nan òdinatè a lòt pwent la ap konekte nan GPS la. Wap jwenn kote pou konekte GPS la dèyè dol anba yon ti kouvè ti ki fè an kawotchou. Pa bliye! Fòk GPS la limen pou ka dechajel...

Dezyèm etap: enstale "DRIVER" pou GPS la 

Li enpòtan anpil pou nou enstale "driver" ki mache ak GPS la. "GARMIN USBDrivers" a se yon ti pwogram ki fè òdinatè a rekonèt GPS la. Si ou gen ti pwogram sa sou òdinatè ou men ki pot ko enstale ann tou enstale li kounye a. Fè de (2) klik sou pwogram nan epi swiv tout sa o`dinatè a ap diw pou fè youn dèyè lot san manke youn.

Siw pa genyenl sou òdinatè ou, ou ka "Download" oubyen "Telechajel" li sou sit entènet sa: http://www8.garmin.com/support/download_details.jsp?id=591

Lèw fin antre sou sit sa wap klike sou "Download" oubyen "Télécharger" pou ka kopye ti pwogram sa sou òdinatèw. Lèw fini fè de (2) klik sou pwogram nan epi swiv tout sa o`dinatè a ap diw pou fè youn dèyè lot san manke youn.

Twazyèm etap: download oubyen Telechaje "GPSBabel"

"GPSBabel" se yon pwogram enfomatik ki la pou kopye enfòmasyon ki sou GPS la epi metel sou òdinatè a. Si ou gen GPSBabel enstale sou òdinatè ou a ou pap bezwen fè etap sa.

Siw pako gen GPSBabel la ale sou entènet epi wap ka "Download li" oubyen "Telechajel" sou sit entènèt sa: www.gpsbabel.org/download.html.

Lèw fin antre sou sit la klike sou Download ki ekri anwo paj la. 

Glise paj entènèt la desann jiskaske ou rive anba kote ki ekri "Latest Realease" sa vle di (dènye vèsyon).

  • Si òdinatè wap itilize a gen sistèm  "Windows" la sou li wap pran GPSBabel ki pou "Windows" la.   Pou ka konnen sa ki pou  "Windows" la  byen wap gade sa ki gen "exe" dèyèl la.
  • Si òdinatè wap itilize a gen sistèm "Mac OS" la ki sou li wap pran GPSBabel ki pou "Mac Os" la. Pou ka konnen sa ki pou  "Mac Os" la  byen wap gade sa ki gen ".dmg." dèyèl la.
  • Si òdinatè wap itilize a gen sistèm  "Linux" la sou li wap pran GPSBabel ki pou "Linux" la. Pou ka konnen sa ki pou "Linux" la  byen wap gade sa ki gen ".tar.gz." dèyèl la.

Katryèm etap : kòman pou enstale GPSBabel la

Lèw fin "Download" oubyen "Telechaje" GPSBabel la  wap chache ki kote pwogram nan ye sou òdinatè a epi wap fè de (2) klik sou li pou ka kòmanse enstalasyon an. Lè enstalation an fini Klike sou "Finish" oubyen "Terminer" ti pwogram GPSBabel la ap ouvè poukont li.

Se konsa "GPSBabel" la ap parèt 

Senkyèm etap : dechaje GPS la 

Anwo paj la nan zòn ki make antre a "input" wap klike sou ti wonn ki devan "Device" la, sa vle di ke se yon aparèy ki antre nan ti pwogram sa. Kote ki make "Format" wap klike sou ti flèch la epi wap chwazi  "Garmin serial/USB protocol". Sa se fòmat ki ap soti anndan GPS la. tout enfòmasyon GPS la tap pran yon li pran yo nan fòma sa.

Nan mitan paj la gen yon kote ki make "Output" wap klike sou ti wonn ki devan "file" la, epi nan kote ki make "Format" wap klike sou ti flèch la epi wap chwazi "GPX XML".

Klike sou "File Name"sa pral pèmèt ou bay enfòmasyon ou pral mete sou òdinatè a yon non. Enfomasyon kite sou GPS la. Wap chwazi yon non ki byen klè, ki ka fèw konnen nan ki zòn ou te travay la, epi anrejistre enfòmasyon sa kotew vle a sou òdinatè a. Tankou ou ka bay enfòmasyon an yon non konsa 23-dec-2012_delmas.

Toujou asirew ke GPS la limen epi byen konekte

Klike sou "Apply" oubyen sou "Appliquer", wap jwenn li anba paj la a dwat. 

Si pa gen okenn erè nan demach yo, wap wè yon pakèt bagay kap ekri kap fèw konnen ke ti pwogram nan ap kopye tout enfòmasyon ki sou GPS la. Lè li diw ke li fin kopyel wap jwenn tout enfòmasyon sa yo kotew te kopye yo a.

Si ou fè yon erè, verifye si kab USB a bon, verifye si GPS la limen si sa pa mache rekomanse ak tout demach yo ankò. Si sa pa janm mache ale sou sit entènèt sa  connect.garmin.com.

Pou fini

Nou rete kwè ou konprann pati sa byen. Si ou poko fin konprann fè plis egzèsis pou ka plis alèz. 

Nan rès chapit sa, nou pral aprann kòman yo sèvi avèk "Walking Papers". Se yon lòt mwayen pou nou fè ankèt teren pou OpenStreetMap. Lè wap sèvi avèk "Walking Papers" wap bezwen yon plim ak fèy papye.Lè wap sèvi avèk  "Walking Papers" se kòmsi ou tap sèvi avèk yon GPS.  

Kòman yo fè ankèt teren avèk "Walking Papers"

Nan pati sa nou pral apran fè ankèt teren san GPS. Pou nou fè yon "Walking Papers" sou zòn ou pral travay la, ou prale sou sit sa  http://walking-papers.org/, aprèsa ou ka ekri, ou ka fè desen sou "Walking Papers" a. Lèw fin travay ak "Walking Papers" ou ka eskane li pou ka sèvi avèk enfòmasyon ou sot pran yo nan OpenTreetMap.

Kòman pou nou fè yon "Walking Papers"

Nou pa ka ap pale de "Walking Papers" san nou pa montre kijan pou fèl.

Premye etap : Kòman pou fè yon "Walking Papers" pou yon zòn

Fòk ou konnen depi avan nan ki zòn ou pral fè ankèt teren an, ou ka chwazi swa yo desen enfòmasyon ki sou OpenStreetMap la osnon imaj "BING"reyèl yo prann sou tèt tè a. Lèw fin chwazi ou ka enprime kat sa.

Dezyèm etap: Kòman pou itilize "Walking Papers" a 

Wap itilize kat sa pou ale nan ankèt teren. Ou ka mete pwen, tankou boutik, otèl, ponp gaz, ou ka trase wout ou wè ki pa sou kat la, ou ka trase kote yon bòne. Ekri tout enfòmasyon yo sou kat la, osnon chazi nimewo pou ekri sou kat la epi wa mete enfòmasyon yo nan yon lòt kaye.

  

Sa se yon imaj  "Walking Papers". Nan imaj sa wap wè anpil
"Walking Papers", chak se pou yon kalte zòn

Twazyèm etap: Fè "Walking Papers" paw la parèt sou òdinatè a 

Siw pa gen eskanè ou pa fè foto "Walking Papers" ki nan menw lan, si kameraw la osnon si telefòn ka bay bon kalite foto. tankou (1200x1600). Wap jwenn mwayen pou voye foto sa sout sit  "Walking Papers" a. Ou dwe byen pran foto "code barre" la poul ka byen parèt nan foto a. Sit  "Walking Papers" la ap bezwen anpil poul ka konnen nan ki zòn  "Walking Papers" sa soti.  

Se konsa "Code Barre" la ap parèt anba "Walking Papers" la

Katryèm etap : Mete "Walking Papers" ou a sou Java OpenStreetMap (JOSM) osnon sou Potlatch

Depiw fin mete "Walking Papers" la anba travay ou (background) ou ka kòmanse fè desen ou yo vin reyèl.

Men plis detay sou "Walking Papers"

kounyea nou pral antre nan plis detay sou sa yo rele  "Walking Papers"

Kòman pou nou fè kat la

Ann fè yon ti kout pye sou sit  "Walking Papers" la.

Nan desen sa ou ka wè kèk zòn sou kat la. Pou souke kat la wap klike sou bouton goch souri a menm jan ak Java OpenStreetMap (JOSM), wap itilize ti woulèt la ki nan mitan souri a pou pouse kat la ale avèk rale kat la vini, konsa tou ou ka klike sou bouton + avèk - ki anwo nan tèt paj la.

Anwo kat la gen yon kote ki make "Chercher" . Ekri non zòn ou bezwen an anndanl pou ka wè kote zòn sa ye sou kat la, epi klike sou "Chercher". Si sit "Walking Papers" a rekonèt zòn wap chache a, lap fèl parèt lapoula nan mitan kat la. 

Anba kat la wap jwenn kèk lòt bagay ki enpòtan anpil tankou

"Orientation du papier " ap bay mwayen pou chwazi gwosè ou vle fè kat la tou. Anba ap fèw jwenn mwayen pou fè kat la fè plizyè mòso.

"Provider"  a bay mwayen pou chwazi kalite kat ou vle a, tankou kat ki gen koulè, kat ki gen gwo ekriti oubyen kat ki gen desen reyèl tè a ((BING). 

Lè wap fè yon kat li tap pi bon pou fèl nan nivo "zoom" 15, 16 ak 17. konsa kat ou a ap parèt pi byen.

Si tout demach yo respekte , nou ka enprime kat la. Pou ou enprime kat la nap klike sou bouon ki make "Make" oubyen "créer" a.Wap wè yon lòt paj parèt. 

Lè  "Walking Papers" la pare, wap kilke sou telechaje sou fòma "PDF". lèw fin telechaje li ou ka ouvè kat sa sou òdinatè ou ap itilize a. Wap sèlman konekte yon enpremant epi ou enprime kat sila.

Kat sa wap gade la se yon kat ki gentan enprime, yo gentan fè ankèt teren avèl. Li gentan pare pou yo eskanel.

Jan ou ka wèl la  "Walking Papers"la edew wè kisa ki sou kat la ak kisa ki manke. Lèw fin fè ankèt teren,  kat la ap gen plizyè desen sou li ki fèt ak plim osnon ak kreyon menm jan wap gade anwo a. Lèw fini nèt ou ka eskane  "Walking Papers" a. 

Kòman pou eskane "Walking Papers"

"Walking Papers" a itil anpil nan katografi paske se selman papye ("Walking Papers") avèk plim osnon kreyon wap itilize selman. Se pa yon maji non! men nou opral fè papye sa parèt nan ti pwogram kote nou pral travay la. Nou pral fè enfomasyon sa yo vinn bon jan enfòmasyon ki sou OpenStreetMap.

Premye bagay pou fè se mete foto kat sa sou òdinatè a (fè foto li oubyen eskane li). Si wap fèl avèk kamera fòk  ou metel yon kote ki plat anpil tankou sou yon tab, fòk kamera sa ka pran bon kalite foto, epi fòk "Barre Code" la byen parèt. Ann gade desen sa ki anba

Depi ou fin fè demach sa yo, depi foto a sou òdinatè ou wap retounen sou sit "Walking-Papers" la http://walking-papers.org. Wap klike sou "Envoi".

Wap kilke sou "Parcourir" epi ou pral chwazi foto ou te eskane a kote ou te metel la sou òdinatè ou a.

Klike sou "Envoyer".

Lè wap voye "walking-papers" sa ale li ka pran bon ti tan, sa depann de siyal entènèt la, si li fò osnon si li fèb. Depi li fin kopye "walking-papers" la, gen yon lòt paj kap parèt ki gen kesyon sa yo ladann.

 

Lè yo pozew kesyon "Avez-vous l'intention de la modifier vous-même ?" klike sou "non". Lè sa tout moun ap ka wè "walking-papers" ou wa epi yap ka sèvi avèk  "walking-papers" ou a tou.

Nan ti paj ki anba, ekri kisa ou te pran nan ankèt teren an, ou ka ekri non kote ou te fè ankèt teren an, epi ki kalte bagay ou te pran nan ankèt teren an. 

Kilke sou "Enregistrer". Sit entènèt la ap pran bon ti tan pou li verifye ki kalte bagay ou voye ba li a. Si ou te klike sou "non" lè li te pozew kesyon an ou ka fèmen paj entènèt la pi wa retounen lè li fini ak tout demach yo.

Kòman pou ouvè"walking-papers" la sou Java OpenStreetMap (JOSM)

Lè tout demach yo fini, ou ka sèvi avèk  "Walking-Papers" la sou Java OpenStreetMap (JOSM), sa vle di ou ka sèvi avèl anba enfòmasyon OpenStreetMap (OSM) "Background". Ekri http://walking-papers.org nan paj entènèt la pou ka Retounen sou sit "walking-papers" la.

Klike sou "Scans".

Wap jwenn "Walking-Papers" ou te voye ale a. Lap parèt konsa.

Pou ka fè "walking-papers" la parèt sou JOSM ou dwe kopye sit entènèt la. Wap jwenn li nan tèt paj entènèt la, wap seleksyone li epi wap peze  "Ctrl+C"  nan klavye a. Men yon egzanp: sa wap kopye a ka parèt konsa http://walking-papers.org/scan.php?id=fmxcgdqd.

ouvè JOSM epi chache kote ki make "Walking Papers" la klike sou li, lè ou fin klike sou li wap wè yon kote ki make "Carte Scannée" klike sou li tou. Lèw fini wap peze "Ctrl+V" sou klavye òdinatè a pou ka mete adrès entènèt ou fenk sot kopye a, epi klike sou "ok"

Si tout demach demach yo fèt byen, wap wè "walking-papers" la parèt nan JOSM. Nan chapit kap vini an nou pral apran koman pou nou fè enfòmasyon sa yo vin reyèl sou OpenStreetMap (OSM).

Si ou pral travay nan menm zòn sa ankò ou dwe fè yon lòt "walking-papers" paske chak jou enfòmasyon yo ap vin plis sou OpenStreetMap (OSM). 

Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.

Vous devriez rafraîchir la page.