Sites


OpenStreetMapAyiti

Dekouvri kominote OSM nan

OpenStreetMap pa sèlman yon baz pou enfòmasyon, se yon kominote ak anpil lajwa ki gen moun kap ede nan tout mond lan, ki rankontre sou entènèt tankou nan lavi. Ke se swa pou katografye, pou fè lojisyèl e menm pou ekri liv sa!


Yon katopati se yon evenman  kote kominote OpenStreetMap la rasanble pou mete enfòmasyon ansanm ak mete enfòmasyon sou OpenStreetMap. Fason pou chwazi kote pou ou katografye a se fe yon gato. Menm jan ak gato sa ki pi ba a ki te fèt nan katopati pou katografye Fleet Street nan peyi Londres nan mwa Me 2010. Jan ou k we a zòn nan dekoupe e nimewote. Chak moun kap patisipe yo pran yon moso epi al mete enfòmasyon sou zòn li chwazi a. Kounya gen yon zouti, MapCraft, ki ede ou fè sa pi byen (http://mapcraft.nanodesu.ru/).

Kèk nan evenman sa yo fèt nan ba, kote moun kap ede yo ka rankontre menm detann yo tou. Dèfwa moun kap patisipe yo konn rankontre yon kote tankou devan yon ti ba, yon plas pou soti al sanble enfòmasyon epi retounen pou antre enfòmasyon sa yo.


Rankont sa yo konn fèt pandan yon wikenn oubyen yon nwit pou katografye yon zòn oubyen pou rankontre moun kap katografye nan zòn sa. Konn genyen tou moman lojisyèl kote moun ki fè lojisyèl sou OpenStreetMap yo rasanble pou pou amelyore lojisyèl sa yo.

Nan evenman sa yo nou konn jwenn gato tout bon ak kat sou li. Se yon tradisyon ki vin genyen aprè ide Ivàn Sànchez Ortega, ki nan kominote espanyòl la. Lide ki gen dèyè tradisyon sa pou di si vrèman ou gen yon lisans ki gratis, pap gen okenn pwoblem si ou pran enfòmasyon ou yo epi ou mete yo sou yon gato pou manje, san ou pa kont lisans la. Tradisyon sa bay plizyè gato OSM nan tout mond la! Tankou nan imaj anba a, yo te manje gato sa nan yon katopati ki te fèt nan Bank Mondyal nan eta Washington D.C.

Lis enfòmasyon pa imel

Kominote OpenStreetMap la gen plizyè lis enfòmasyon pa imel. Genyen pou nenpòt mo nan yon peyi oubyen nan yo zòn, konsa tou gen lis jeneral pou diskite oubyen reponn kesyon moun ki fenk kòmanse. Ou ka jwenn plizyè lis pou enfòmasyon nan:  http://wiki.osm.org/wiki/FR:Mailing_lists . Men pou ayiti ou ka jwenn yon enfòmasyon pa imel nan adrès sa: http://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht

IRC

Plizyè moun ki ap ede yo sou IRC, nan yon salon diskisyon sou entènèt. Sa pèmèt youn ede lòt nan menm moman an. Sèvè ki pi popilè a se irc.oftc.net e chèn ayisyen ke nou ka itilize yo se #hot, #osm, osm-fr ak osm-ht ki se dènye chanèl ki fenk kreye men ki poko disponib sou  http://irc.openstreetmap.org. Si ou pale anglè byen ou ka ale sou #osm pou diskisyon jeneral yo avek #osm-dev pou echanj ki pi wo nivo yo tankou pwogramasyon OSM. Wap jwenn yon lis ki gen tout chèn ki egziste yo sou paj wiki sa:

http://wiki.openstreetmap.org/wiki/FR:IRC.

Ou ka itilize yon IRC senp pandan li enstale sou òdinatè w, e lap posib tou pou ou antre nan diskisyon an avèk navigatè entènèt ou a sou http://irc.openstreetmap.org/. Sou paj sa wap sèlman chwazi yon sounon avèk chèn IRC ou vle antre ladan an.

Èd 

Genyen yon sit kesyon repons menm jan ak StackOverFlow. Se yon kote chak moun ka poze yon kesyon, reponn yon kesyon yo poze e vote pou yon kesyon ki bay ti pwoblèm.

http://help.openstreetmap.org/.

Fowòm 

Genyen fowòm diskisyon ki disponib nan adrès sa  http://forum.openstreetmap.org/.  Yo toujou gen mwens aktivite ke lis pou enfòmasyon yo sou kèk sijè, men kèk kominote pito itlize li, genyen pou tout gou. Ou ka jwenn yon fowòm diskisyon an kreyòl:

Konferans State of the Map 

Konferans entènasyonal State of the Map la oubyen SotM fèt chak ane avèk anpil patisipan ki soti nan tout mond la. Dènye ane ki sot pase yo, yo t fè yon jounen biznis ak de jounen kominote. Nan jounen biznis la yo fè sèlman pwojè kap fè lajan avèk OpenStreetMap epi jounen kominote yo pale de sijè ki konsène OpenStreetMap. State of the Map gen pwòp sit pa li avèk tout enfòmasyon an gwo sou konferans la: http://stateofthemap.org/.

Kòmanse kat avèk nou!

 

Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.

Vous devriez rafraîchir la page.