Sites


OpenStreetMapAyiti

Enpòtans OpenStreetMap pou Ayiti

OpenStreetMap se yon bon zouti katografik anpil peyi nan mond la ap itilize.

Nou itilize li nan peyi Ayiti depi lane 2010, pou plis presizyon aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la. 

Te genyen yon ekip imanitè volontè OSM ki te soti aletranje ki te vini nan peyi Ayiti, nan lide pou yo mete yon ekip katograf ayisen sou pye nan lide pou nou katografye wout, enfrastrikti, Objè imanitè yo elatriye .

Travay sa yo te ede oganizasyon lokal ak entènasyonal yo ede Ayiti tout bon vre  nan bay bon jan sèvis sanitè ak enfrastrikti  nan Kominote yo e yo bay bon  jan rezilta nan domèn Katografi a. Sa pemèt tou  kat jewografi Ayiti vini  rich ak enfòmasyon. 

Imaj anba a, konpare kat zòn Pòtoprens la  avan tranbleman de tè 12 janvye 2010 la ak kouman li vini ye 1 mwa aprè.

  

Mouvman OpenStreetMap la  gaye kò li nan plizyè kwen nan Peyi a  e nou genyen bon jan fòmasyon ak materyèl nou jwenn nan men Humanitarian OpenStreetMap Team (HOT) pou nou fè travay sa a. 
Gras ak OSM nou genyen yon ekip Katograf Ayisyen (COSHMA) et (OpenstreetHAITI) ki genyen pou sig C-OSM.HA ki itil peyi a nan Domèn katografi. 
Nou itilize enfòmasyon OSM Ayiti yo: 

  • Pou bay bon jan rezilta katografik
  • Pou Kontribye nan solisyon sou pwoblèm Kolera an Ayiti
  • Pou  montre Kondisyon kritik moun ap viv osinon, risk  ak kapasite yon kominote
  • Mete sou pye yon rezo wout sou ayiti ak yon sikwi wout
  • Yo kreye yon plan aksyon kominotè  pou devlopman zòn yo

Se yon zouti katografi rapid, vizib epi ki bay gwo rezilta nan kad katografi ijans e li bay aksè ak lòt moun ki ap kontribye nan lòt peyi  posibilite pou ede nou mete enfòmasyon malgre yo pa nan peyi a. 
Tout moun kapab gen aksè ak enfòmasyon sa yo.

Pou yon konnin  tout sa ki egziste nan kominote yo a epitou gade ki menas ki kapab genyen si pa egzanm yon zòn ta frape pa yon katastròf natirel.

Zòn kote yo katograye pral ede nou konprann nivo sove lavi  moun ki nan zõn riske yo epi wè dega sa ka koze sou la vi moun ak  bagay ki itil nou nan kominote a tankou lopital, famasi, lekol, legliz, twalet piblik, ak kote moun ka ale chache dlo elatriye. SA a montre nou li enpòtan anpil anpil travay katografik, pou nou ka gen bon jan enfomasyon d disponib pou tout moun. Avek zouti katografi OpenStreetMap, Tout moun ka patisipe nan gwo travay sa a, ki se katografye tout sa ki inpotan  nan peyi a epi itlize enfòmasyon katografik yo. Sa a ap ede tout moun oubyen oganizazyon ki vle pote soutyen yo nan èd yap ba nou. Li ta bon anpil pou jenn ayisyen gen konesans nan zafe katografi pou bay bon jan sevis sa a, ak peyi yo. Si yo moun ta konen ki enpotans katografi genyen nan devlopman yon kominote, yo peyi, Tout moun tap kouri mande kouman pou yo ede.

Li tap bon pou nou rakonte nou sa nou fe deja, ak gwo tonton zouti sa a nan  site soley, yo komin nan peyi a  ki menase pa risk sitou risk inondasyon. nou fè yon katografi jeneral sou Zòn ibèn site soley la. Gade imaj anba a

 

avan se te vid apre travay katografik nou vini genyen yon gwo chanjman paske kat zon ibèn site soley la vin ranpli ak tout sa li genyen kòm objè imanitè ak infrastrikti. Travay sa itil kominote a anpil paske li pemèt:

  • Oganizayon OIM ak anpil lòt ankò fè kat risk sou zõn sa a. 
  • Nou bay Komisarya Site soley la yon Kat ki gen ladan li tout kalite infòmasyon sou rout.
  • Anpil oganizasyon kap travay nan site Soley genyen kat sa yo pou yo ka konprann reyalite katografi Site Soley la.
  • Moun Kap viv nan kominote Site soley la itilise Kat sa yo sitou kat nou fè sou kanal yo pou yo fè travay kominotè nan netwayaj pou retire fatra ki nan kanal ki anpeche dlo a byen sikile ki kòz kek inondasyon lè la pli ap tonbe.
  • Anpil limyè fèt paske moun yon vini konnin bezwen e yo wè sa ki pa fèt nan bon plas nan kominote yo a.
  • Gen limyè sou vilnerabilite ak risk ki gen nan Zòn sa a.
  • Kèk solisyon koumanse pote pifon nan domèn Sanitè nan Site Soley.

Li tap vrèman bon pou travay sa fèt toupatou nan peyi a nan lide pou nou kontribye nan bagay kap itil tout bon vre kominote nou an e konsa nap ede peyi nou  bay bonjan sèvis ak popilasyon an.

Nou ankouraje nou li Liv sa a, pou nou ka konnen kouman e kijan  nou ka patisipe nan bèl travay sa a, nan lide pou nou montre reyalie kat jeografi ayiti a, pou ka genyen bon jan planifikasyon nan zafè projè pou amelyore la vi tout pèp Ayisyen an.

Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.

Vous devriez rafraîchir la page.