''…mwen prale pi lwen toujou pou mwen di, ta sanble kat yo bay eksplikasyon ki pi klè pase sa ki ap sòti nan bouch. Si lide mwen kouche sou papye rete nan lojik ki chita sou teknik ekriti yo, mwen pa fouti di se menm bagay la pou yon kat. Mwen pa janm rive mete yon bout nan trase yon kat tèlman posibilite pou lòt moun pran li epi pwolonje travay la ekziste nan sousi pou nou pa bay yon deskripsyon estatik sou espas yo men, rann kont sou fòm ak estrikti dinamik peyizaj yo genyen.’’
(Georges Anglade, Cartes sur Table, Itinéraires et Raccourcis, Cinq ans de Jalons, tome 1, Coed. Etudes et Recherches Critiques d'Espace, Montréal Quebec, 1990, Henri Deschamps, Port-au-Prince Haïti, 1990)
Ide Anglade sa te kapab youn pami anpil lòt ki te fè anpil moun mete tèt ansanm pou kreye Kat Jewografi, menm jan kominote ''OpenStreetMap'' pran inisyativ la. Men si listwa militè te rive pote direkteman kontribisyon li tout bon vre nan ede kat jewografik fè yon gwo pa nan tout difikilte politik ak limit lasyans te genyen nan epòk la, malgre sa, nou pa ta dwe bliye objektif prensipal yon kat jewografik ki se ede moun yon sosyete rann kont sou karakteristik espas kote yo ap viv la. Sa vle di, depi lantikite moun te toujou konn sèvi avèk kat Jewografik pou yo jwenn kote ki pi bon pou fè lachas osnon jwenn sous dlo pou yo bwè, tout sa ki kapab bay lavi ak larichès pou jenerasyon ki ap vini dèyè. Jounen jodi a, moun kontinye sèvi ak enfòmasyon jewografik ki bay adrès ak kote ki gen eleman esansyèl nan lavi chak jou, men gen anpil done ki manke toujou sou: wout, chimen, zòn teritoryal elatriye. Sa depann de kiyès kap patisipe nan kolekte done sa yo.
Moun ki ap itilize kat jewografik jounen jodi a, ede nou jwenn repons sou kesyon tankou: ''koman mwen ka ale lekol sou yon bisiklèt san danje? "Osnon Ki kote mwen ka repare yon soulye? Osnon eske mwen ka pase la apye?'' Osnon nan sitiyasyon ki pi grav yo, ki lopital ki pi pre mwen, nan ka yon ijans? Osnon ede yon moun jwenn batiman piblik, komèsyal oubyen dekouvri pasaj ou pa te konnen anvan ki pèmèt ou sòti nan yon wout ale debouche sou yon lòt ki rete itil pafwa enpotan menm pou yon moun.
Pou rezon sa yo, li bon pou nou travay ansanm pou nou reyalize kat zòn nou. Poutan se pa tout kat ki bay posibilite pou pote yon diplis osnon bay libète pou pote yon ti koreksyon. Si bay, twoke ak pataje enfòmasyon sou Jewolokalizasyon se fondman kolaborasyon an, li enpòtan pou nou konnen se pa tout fòma kat Jewogrfik ak pratik travay sa ki bay libète sa a.
Katografi kolaboratif la se yon fason pou nou chache rasanble epi pataje enfòmasyon jewografik yo. OpenStreetMap patisipe anpil nan fè moun konnen mouvman sa. Se pa sèlman OpenStreet Map ki fè sa. Chapit sa prale fè nou konnen kisa katografi kolaboratif la ye.
Imajine ou yon zanmi ou bezwen jwenn yon ponp gaz. Ou ta vle eksplike li ki kote lap jwenn yon ponp gaz ki tou pre a. Men petèt se pa sa ki tap pi bon pou li. Ou ta renmen fè yon kat Jewografik ki gen tout ponp gaz yo men travay sa ap twòp pou fè pou kont ou. Sa ou panse si zanmi ou yo te ede ou reyalize kat Jewografik sa? Oubyen nenpòt lòt moun ta bay kontribisyon li nan reyalizasyon travay sa? Travay sa ap vin fèt pi rapid epi lap vin pi fasil tou.. Se sa ki baz travay katografi a.
Katografi kolaborativ la se yon teknik tounèf yo itilize pou fè kat Jewografik. Li soti anndan sa yo rele newokatografi. Li chita sou lide ''yon sèl dwèt pa manje kalalou'' '' men anpil chay pa lou '' ki se pi gwo ekzanp lè yon pakèt moun ki mete tèt ansanm pou yo travay, yo bay yon kokenn chenn travay ki gen bon kalite. Yo kapab fè yon kat espesyal. Egzanp, yon kat ki gen wout ak tout ponp gaz yo oubyen yon kat ki gen tout bagay nesesè, sa vle di yon kat ki jeneral ki gen yon lisans lib. Yo itlize anpil zouti pou kreye kat men gen rezon ak motivasyon pèsonèl ki pouse yo fè chak kat epi gen kategori moun ki prale itlize kat sa yo.
Anpil rezon kapab fè mwen vle patisipe. Mwen kapab vle ede komite mwen kreye yon kat ki kapab sèvi nan domenn sekirite tankou plase lopital ak kèk lòt enstitisyon ki nan sistèm sekirite a, pou si ta genyen ijans. Ou ka lokalise sous dlo yo. Si ou renmen mache ou kapab fè lòt moun dekouvri kèk bèl ti kote rezève. Si ou se profesè lekòl ou kapab kreye yon kat pou montre elèv lokalize yo. Ou kapab itilize kat yo pou satisfè bezwen pesonèl nan fason ou ap itilize zouti yo.
Sa se foto yon pakèt jenn Ayisyen ki chwazi mete tèt ansanm, pou fè katografi.
Yo itilize anpil fason pou fè katografi kolaborativ. Sa ki pi senp la, se chita ak yon gwoup zanmi, plim, kreyon ak papye nan men. Nan fason sa ''Open Street Map'' wè gwoup moun sa twò piti, se sa ki fè li mete yon kat sou entènet kote anpil moun tout kote sou latè, kapab patisipe, benefisye epi pataje enfòmasyon.
''Google Map Maker'' (http://www.google.com/mapmaker) se yon fason pou korije ak ajoute enfòmasyon sou ''Google Earth''. ''Google'' pèmèt nou mete wout ki manke, korije si gen erè, mete tout sa nou panse ki enpòtan. Lè yon moun fèk kòmanse travay ak zouti sa, yo etidye ak verifye travay li avan yo mete li disponib pou yo itilize.
''Google My Maps'' (http://maps.google.com/maps/mm) se yon ''onglet'' ki asosye ''google map'' ki pemèt yo anrejistre enfòmasyon nan kat pesonèl yon itilizatè. Moun sa ka deside mete kat li disponib pou tout moun, gade li pou kont li oubyen pataje li ak kèk lòt moun. Li ka envite yon gwoup travay sou kat li a oubyen tout moun.
Ou ka itilize ''Google Map'' gratis men poutan done yo pa lib. ''Google'' pa vle yo pran zafè li pou fè komès, li pa vle yo pran kat li pou vini fè konpetisyon avèk li ankò. Poutan ''OpenStreetMap'' pa okipe bagay sa yo. Sa ou mete sou kat '' Google'' la se pou '' Google'', kat '' Google'' la pa piblik.
Ushahidi (http://ushahidi.com) pa gen lide pou fè komès, li se yon lojisyèl ''Open source'' li pèmèt ranmase enfòmasyon epi afiche yo sou kat avèk kalandriye. Ushahidi se yon mo Swahili ki vle di temwen osnon temwayaj. Li te gen pou objektif kreye yon kat sou zak vyolans nan peryòd latwoublay aprè eleksyon ki te fèt kenya nan lane 2007-2008. Sit sa pèmèt ou tou, ranmase temwayaj sou zak vyolans yo voye nan imel osnon sms lè ou mete yo sou yon kat. Jounen jodi a, nou ta kapab prezante inisyativ sa a, tankou yon katografi sosyal melanje avèk aktivism sosyal.
Pou ou kapab gen vèsyon Ushahidi itilize CrowdMap (http://crowdmap.com) telechaje li sou entenèt, enstale li sou machin ou, ou kapab itilize li pou projè katografi kolaborativ la.
Se yon projè komèsyal ki bay yon kat ou kapab modifye. Li gen pou objektif kreye yon kat gratis epi mete li anfòm nan plizyè lang. Yo sèvi avèk li plis nan rasanbleman pwen enterè. Li itilize imaj satelit ''google maps''. WikiMapia bay yon kat moun kapab modifye san li pa bezwen gen yon kont itilizatè e san li pa bezwen kontribiye.
Kontrèman ak ''OpenStreetMap'' ki gen dwa itilize imaj satelit li ''Microsoft'' genyen yo, WikiMapia pwopoze yon travay ki soti nan sous pwopriyete (Google Earth). Travay kontribitè yo fè yo pa anba lisans lib la men li gen yo lòt lisans ''Creative Commons'' BY-NC-SA. Li pa vle yo pran done li yo pou fè lajan. WikiMapia fè lajan gras avèk piblisite ''Google'' fè yo men platfòm nan rete zafè prive moun kite fonde li yo.
Jan nou kapab wè li a gen anpil antrepriz ki pèmèt yo fè katatografi kolaborativ, genyen ki sanble anpil ak ''OpenStreetMap'' men yo diferan. Souvan anpil nan yo konplete ''OpenStreetMap''. egzanp gen projè Ushahidi a ki sèvi ak ''OpenStreetMap'' kòm fon kat li a. Li sèvi ak enfòmasyon ki egziste sou ''OpenStreetMap'' pou fè konparezon avèk pa li yo.
Sa se logo ''OpenStreetMap''(OSM)
Sa ki bay ''OpenStreetMap'' plis fòs se lisans ouvè a (lib). Nenpòt moun kapab sevi avèk done li yo e menm fè kòb avèk yo: Sèl egzijans li fè itilizatè yo se obligasyon pou di ki kote yo jwenn done yo e ki moun ki te kontribiye epi fòk li pibliye tout amelyorasyon li pote sou lisans pa li a, ki sanble avèk pa OSM nan.
Gen anpil diferans nan mitan OSM ak lòt antrepriz ki fè katografi nou sot site piwo yo: nan OSM tout moun travay sou yon sèl kat sa vle di tout enfòmasyon pran menm fòma pou tout moun, metòd sa pemèt yo ajoute plis detay yo tire nan lòt sous epi li fè enfòmasyon yo pa divize epi bloke nan projè yon grenn moun.
Li enpòtan pou tabli diferans la nan mitan kat OSM yo ak lòt kat nan liy sa yo: Google Maps, MapQuest osnon Bing. Objektif yo se afiche rezilta rechèch epi fè lajan pou kontinye aktivite yo. Gen kote yo mete done youn sou lòt pou yo kapab afiche yo ak modèl pa yo.
Kontrèman ak lòt yo, OSM gen pou objektif bay enfòmasyon epi pèmèt nenpòt ki moun eksplwate yo. Li pèmèt tou, pou yon moun kreye nenpòt kat li ta vle. Sa depann de imajinasyon moun nan.
Anplis OSM gen yon gwo kominote ki plis pase 450 000 moun kreye yon kont pou yo gen aksè sou sit la. Kominote a gen moun ki prale chache enfòmasyon sou tèren, ki ap rantre enfòmasyon sou baz done a, genyen ki ap fè lojisyèl pou yo ka fè chanjman lè sa merite fèt. Genyen ki ap fè kat espesyal a pati done yo, genyen ki ap kontribiye endirèkteman. Egzanp ekip ayisyen sa ki ap tradwi liv OSM la nan lang kreyòl pou plis moun kapab patisipe. Tout kote nan sou latè, kominote yo ap reyini pou pataje nouvo teknik yo, mape kote yap viv, pou aprann youn lòt, oubyen rankontre jis pou yon jès sosyal.
Nan liv sa nou ap kontinye montre ou kòman ou ka itilize OSM jwenn done ki sanble ak sa ki sou patfòm anlè ya. Nou ap montre ou tou diferan fason nou kapab itilize done sa yo, si ou ta vle jwenn tou ponp gaz ki gen nan vil la, si ou ta vle mape ti wout ki mennen ou ti kote ou renmen pwomennen an, OSM kapab ede ou. Le ou fini, li kapab ba ou zouti pou ou fè sa epi montre ou kòman ou kapab fè enfòmasyon sa yo sèvi lòt moun.
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.