Kisa yon non ye?
Yon non se mwayen yo rekonèt nenpòt ki bagay pa egzanp, yon moun: Junior, yon zòn: Delmas, yon ri: Pivert, elatriye.
Nan OSM, menm jan ak nan règ gramè a, nou dwe kòmanse tout non nou ap ekri ak lèt majiskil.
Pa egzanp : Gonaïves oubyen Gonayiv.
Menm jan nou tout konnen gen plizyè tip non :
Non senp :
Se yon non ki ekri ak yon sèl mo. Yon non senp toujou kòmanse ak yon lèt majiskil:
Delmas, Gonaïves, Titanyen, Jamaïques, elatriye.
Non konpoze :
Non sa yo se non yon sèl bagay men ki ekri an plizyè mo. Chak mo sa yo ka separe ak yon tirè, yon atik oubyen yon atik ak yon prepozisyon (non an fransè).
Non ak tirè yo toujou kòmanse ak majiskil, sèl si yo gen yon atik oubyen yon prepozisyon nan mitan, pa egzanp: Port-au-Prince, Saint-Marc,
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.