Yo pa itilize enfòmasyon gewografik sèlman devan odinatè men nou ka itilize yo pou gide sou wout, nan vil nap vizite yo. Lè sa nou kapab genyen yo sou GPS oubyen yon telefòn selilè. Enfòmasyon yo lib, nou ka itiliwe zoute kite la deja pou nou konvèti yo nan lòt fòma e ka ale sou lòt periferik, nou ka enprime yo tou. Nan chapit sa nou pral montre plizyè fason nou ka fè sa.
Nou kapab sèvi ak Open street Map pou nou kreye fichye ak GPS gamin la e menn li yo, nou ka fè l ak gàm eTrex ak Nüvi. Nan pati sa nap telechaje enfòmasyon yon zòn OSM ke yo te konvèti deja mete l sou kat SD GPS gamin la e nou ka sèvi ak yo kòm gid sou wout. Li posib tou pou nou konvèti enfòmasyon OSM yo nan fòma gamin men sa pa nan nivo liv sa men si nou bezwen sa nou ka al sou paj wiki http://wiki.openstreetmap.org/wiki/FR:OSM_Map_On_Garmin (en français).
Nou kapab kòmanse vizite sit gamin la kise http://garmin.openstreetmap.nl/
Nou kapab wè kat monn lan ke yo divize an san pati konsa ki gen fòm rektang wap wè sis lis ki ka defile. Chak kontinan gen yon lis, pa kontinan Amerik la separe an de pati kise Amerik Nò ak Amerik Sid.
A pati lis ki ka defile sa yo, nou ka chwazi zòn geografik ke w vle mete sou gamin la. Chak rektang yo pèmèt nou we Zòn k kouvri yo. Lè w wè vrèman se zòn ou vle a ekri emel ou kote ki make "Email Address" la anlè a goch paj la aprè klike sou bouton ki di "Build my map" pou n mande enfòmasyon nou vle yo.
Wap jwenn yon mesaj kap di ou men kòman pou suiv demach yo e yap di ou tou nan konbyen tan konsa wap jwenn sa ou te mande a. Aprè lè yo fin rasanble enfòmasyon yo, sistèm nan ap voye yon lòt mesaj ki gen yon sit entènèt ak fason pou ou itilize enfòmasyon yo. Nou kapab itilize sit entènet sa "osm_routable_gmapsupp.zip"pou telechaje fichye OSM yo sou machin nou.
Fichye nou te sot telechaje a zip fok nou dezipe li pou nou jwenn yon nouvo fichye kise "gmapsupp.img". Nou kapab kopye fichye sa nan dosye espesyal ki sou kat SG GPS la pou l ka monte sou GPS gsmin la.
Ale sou paj meni ki sou GPS la klike sou entèfas e aktive mòd "stockage de masse" (mass storage mode), pran kab GPS ou tèt ki piti a foure nan GPS la, mete lòt bout la nan òdinatè a, lap monte sou GPS a kòm yon sipò egzanp yon dyonp konsa. Kopye fichye "gmapsupp.img" nan ''folder'' "Garmin" nou te kreye a.
Nou ka etenn GPS la epi retire kag USB a. Lè nou relimen GPS la nap jwenn kat nou sot mete a ki gen enfòmasyon OSM yo. Felisitasyon.
Gen lòt fason nou ka itilize OSM, nou ka enprime yon kat e sèvi avè l pou nou deplase. Nou wè Walking Papers deja, li ban nou posiblite pou note sou li enfòmasyon ki pat la e mete yo sou kat OSM la. Kounye a nou pral montre yon sèvis ki diferan de lòt yo ki kreye plan egzanp plan vil kòm si se bagay moun we nan dòmi:
Ale sou sit entenet sa: http://maposmatic.org/ li pemet nou kreye ka.
Klike sou bouton "Créer une carte". Pou nou kòmanse nou dwe prezize zòn nou vle a, gen de jan nou ka fè sa. Premyèman, nou ka chwazi yon vi l ki anndan chan "Nom de la ville". Dezyèmman nou ka chwazi "Zone géographique". Sa ap ede nou chwazi yon rektang(zòn) ki sou ''carte glissante OpenStreetMap''. Prese "Ctrl" kenbe l e seleksyone tout rektang la, lè w fini klike sou bouton "Générer".
Yon nouvèl paj ap parèt lap di w kòman chajman ap avanse lap kontinye chaje enfòmasyon tanzantan jis li fini. Lè l fini gen yon imaj "Succès" kap parèt sa vle di ke ou kapab telechaje kat la. si siyal entènèt la tonbe li pa ka fin chaje kat la nou ka ale sou http://maposmatic.org/jobs/ pou ka wè jan chajman tout kat yo ap avanse e pa nou an tou.
Denyè plan ap prezante an de moso. Nou ka telechaje chak moso sa yo sou twa fòma: PNG, SVG ak PDF selon sa w bezwen, sa kap pi fasil pou w enprime epi ki pèmèt ou pote chanjman.
Felisitasyon dèske nou te itlize enfòmasyon OSM yo pou nou te kreye plan pa nou. Si nou wè gen bagay plan nou an manke nou met ajoute epi refe plan aprè.
Kounye gen seri telefòn ki pisan anpil, nou ka mete OpenStreetMap sou yo. Gen anpil sous lib pou platefòm mobil yo. Pi gwo bagay OpenStreetMap fè se pèmèt nou telechaje yon kat konsève li, sèvi avèk li menn si nou yon kote ki pa gen entènèt ditou sa anpil zouti ki anfas li pa ka fè. Pou nou ka konnen plis sou selilè kap itilize OSM ale sou sit sa http://wiki.openstreetmap.org/wiki/Software/Mobile.
Nou pral detaye youn la dan yo, sa ki pou Android la : OsmAnd. Se yon aplikasyon ki pèmèt nou al sou entènèt, ki kapab gide nou (turn-by-turn), nou ka sèvi avèk li lè gen siyal entènèt ni le pa genyen. Proje OsmAnd vle bay tout moun chans navige sou entènèt gratis se sa ki fè li itilize enfòmasyon OSM yo.
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.