Jan nou te di sa avan, kat yo pèmèt nou transmèt yon enfòmasyon pi klè epi pi rapid. Ou ka itilize yon kat plizyè fason : pou fasilite nou pran desizyon, pou kapab wè enfomasyon jewolokalize, pou baw direksyon, oubyen pou dekri kibò ak kòman pou ou ale.
Nan tan lontan, se òganizasyon kap fè lajan ki te konn pran ak modifye enfòmasyon sa yo chak jou, ke sete moun kap edite an prive oubyen biwo leta. Souvan, yo pa konn vle itilize kat sa yo nan tout sikonstans, e nan kèk ka, lè yo pa fè lajan nan kreye ak nan modifye kat, okenn nan òganizasyon sa yo pa modifye kat la.
OpenStreetMap kreye pou konble mank sa yo, se yon kat ou ka kolabore, li nan tout mond lan, gratis, byen fasil pou modifye.
Plizyè moun sou teren an ap kontribye nan OpenStreetMap volontè, pou yo ka mete sa ki manke nan ansyen kat yo. Pou anpil moun, kontribye nan OpenStreetMap se yon aktivite lwazi ki ap itil sosyete a, paske chak moun ka itilize reziltat li yo. Kontribye nan OpenStreetMap kapab yon bel fason pou vizite yon vil ke ou pat janm vizite anvan, yon fason pou byen konnen kèk kote ke ou konnen deja,epi tou yon fason pou konnen sou pwent dwet ou tout kote sa yo ke ou bay anpil enpotans, toujou ak menm kesyon kontribisyon sa! An plis kesyon mete enfòmasyon jewografik a pye osnon sou bekàn se yon bèl aktivite fizik, se yon bon rezon pou w ale fe yon ti mache.
Men kèk posibilite ke nap ofri w, kap montre w klèman enpòtans enfòmasyon jewografik sa yo genyen pou ou ak pou antouraj ou.
Sa se imaj kèk jenn ki a fè ankèt teren, pou yo ka mete nouvo enfòmasyon sou kat la
Ou mete moto ou byen fre, ou deja pare pou vizit la. Enfòmasyon OpenStreetMap yo ap pèmèt ou prepare wout ou pral fè yo a pye, sou moto, oubyen sou machin, pandan lap edew chwazi wout ki plat pou vizit la, sa ki pi danjere, sa ki ka few boule plis ou mwens gaz oubyen plis kalori siw a pye, sa ou pi si de li a, sa ki pi poze a ou pi rapid la, sa depann de bezwen ou. Tout moun ka we kat la nan adrès ofisyèl pwojè a http://openstreetmap.org
Tap Tap Map: Se yon sèvis entènèt ki itlize enfòmasyon OpenStreetMap pou fasilite transpò ak sikilasyon moto ak machin, piblik, nan tout peyi a, swa pou soti nan yon vil al nan yon lòt vil oubyen nan yo komin al nan yon lòt komin. Pandan wap chwazi swa chemen ki fèt pou sa oubyen chemen ki pi apopriye pou ou. (http://wiki.osm.org/wiki/TapTapMap)
Li ka edew konnen ki kote pou ou al pran tap-tap oubyen moto ki prale nan yon zòn byen detèmine, epi ki wout wap pase pandan vwayaj sa.
Kat ki lib yo ka bay bon enfòmasyon ki itil pou yon bezwen lokal pa egzanp, kòman jwenn kote ki gen dlo? Ki wout pou fe pou pa pèdi anndan yon bidonvil? Enfòmasyon katografik lib yo bay òganizasyon imanitè yo mwens travay e pèmèt yo pote plis èd nan zòn soudevlope yo.
San yon kat, li preske enposib pou konnen kòman moun yo ap viv epi kòman kay moun kap viv nan gwo bidonvil yo ye? Te gen yon pwojè an 2010 ki te la pou fe premye kat piblik nan Site Solèy. Site Solèy se youn nan pi gwo bidonvil nan peyi Dayiti li gen 350 000 moun kap viv ladan li. Akoz ke pat gen yon bon katografi, moun ki pat nan peyi a pat ka wè nan ki kondisyon yo tap viv. Pat gen okenn enfòmasyon sou asenisman, sou kibò ak kòman pou yo jwenn dlo pou bwè, wout ak kòman kay moun yo fèt.
Kòman yo fè pa konnen yon gwo bidonvil konsa? Aprè echanj zouti katografik yo avèk moun ki rete nan zòn nan pandan yap pataje sa yo konnen ak lòt moun, OpenStreetMap bay Site Soley yon lòt vizaj,pa sèlman pou moun kap viv ladan li men pou moun ki ap viv deyò tou.
Gwo tranbleman tè ki te pase premye semenn Janvye 2010 yo an Ayiti, te lage yon pakèt ayisyen nan viv nan kan de bra balan aprè anpil biwo leta, wout ak kay yo fin kraze. Katastwòf sa vin jwenn kolaborasyon yon santèn gwo katograf avek foto yo pran anlè aprè tranbleman de tè a. Imanitè yo ki tap pote èd yo te kòmanse itilize enfòmasyon OpenStreetMap yo nan rapò yo tap bay plizyè lot ajan yo pou te ka pote yon èd byen rapid bay Ayiti.
Mwayen pou jwenn sante ak pou jwenn sant sante yo, pou jwenn dlo pou bwè ak tout lòt enfòmasyon pou deplasman yo tout te sou yon kat pou pèmèt imanitè yo bay moun ki te plis nan bezwen yo èd. Akoz te manke dlo ak pwòpte kan yo te sibi gwo pwoblèm sante. Enfòmasyon katografik gratis yo ede moun kap bay èd yo chanje sitiyasyon sante nan kan yo ki gen pwoblèm sa.
Èske nou konnen Rue Pivert? Sa se kesyon yon fòmatè poze trant (30) jenn ki, majorite nan yo, fèt e grandi nan komin nan e ki potko janm tande pale de katografi. Anpil nan yo te reponn non, men lè li mande yo si yo konnen Le Troquet, yon espas kiltirèl trè itilize, anpil nan yo te reponn wi yo konnen li. Epi se konsa fòmatè a kòmanse eksplike yo enpòtans katografi nan lavi moun kap viv an kominote. Trapde gwoup la gentan mete yo sou sa pou aprann katografye ak sèl objektif kreye yon kat pou Komin kote yo fèt la.
Genyen nan yo ki chwazi katografye teren foutbòl, makèt, plas genyen tou c nan trase kay yo pran plezi, menm jan tou genyen se nan trase wout tout kote, tout kalite men tout sa se sou sipèvizyon youn ou plizyè fòmatè ak moun ki gen plis eksperyans nan OpenStreetMap.
Konsa tout jenn sa yo vin pran OpenStreetMap la pou yon egzèsis lwazi kap devlope yo mantalman, fizikman ak teknolojikman e yo envite lòt zanmi nan lantouwaj yo pou vin eseye li.
Aprè tout travay sa yo jije bon pou yo fòme yo kominote OpenStreetMap pou komin sa non sèlman pou toujou genyen tout dènye enfòmasyon sou kat komin nan, men tou pou agrandi fanmi OpenStreetMap la. Nou espere ke wap wè OpenStreetMap enteresan nan tout travay ou. Konsa ou menm si ou byen swiv liv sa wap ka kreye yon kat e pote soutyen pa wou nan OpenStreetMap.
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.