Sites


OpenStreetMapAyiti

Konprann estrikti enfomasyon OpenStreetMap

Estrikti enfòmasyon OpenStreetMap yo se yon fason senp men fò anpil pou reprezante enfòmasyon jewografik. Ou sipoze byen konprann enfòmasyon yo si ou vle travay avèk enfòmasyon OpenStreetMap yo jan yo fèt la, pa egzanp si ou vle ekri yon pwogram byen spesyal pou edite kat oubyen yon pwogram kap pèmèt ou pran enfòmasyon sa yo pou konvèti yo nan yon lòt aplikasyon.

Nan yon sistèm infòmasyon jeneral (SIJ) nòmal, nou gen enfòmasyon katografik yo twa fason : yon pwen ki se yon senp kote nan yon espas ki gen yon kowòdone, yon liy se yon tras dwat ki ka reprezante yon wout yon fontyè epi yon poligòn ki se yon espas fèmen. Enfòmasyon ki sou desen sa yo toujou anndan yon dezyèm baz enfòmasyon ki gen rapò ak baz jewografik la.

Nan OpenStreetMap twa mo sa yo eksplike nan ne, Liy ak relasyon, epi yo mete atribi (etikèt) ki di kisa chak desen ye. Chapit sa a se sa li fè: detaye mo sa yo ki se baz OpenStreetMap.

Tout sa yo se yon sijè teknik ki ap ede ou deside si ou vle antre pi fon nan OpenStreetMap, pa egzanp si ou vle mete yon zouti ki pa te egziste deja oubyen pou fe yon zouti ki te la deja vin pi bèl. Ou ka antre nan enfòmasyon an gwo yo swa pandan wap travay sou kèk fichye oubyen pandan wap travay nan yon fenèt pou pwogramasyon (API OpenStreetMap),menm jan avèk API REST la ke yo itilize pou chanje enfòmasyon OSM yo. Siw vle konnen plis sou API REST la, ale sou paj wiki a: http://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht (an fransè).

Atribi (etikèt) yo 

Atribi (etikèt) yo se yon pè mo "kle=valè" ki ka kole nan chak eleman oubyen desen sou kat OpenStreetMap la. Atribi sa yo di kisa desen sa yo ye. Kle a avèk valè a se de mo ki paka depase 255 lèt (san bliye espas yo), men yon sèl bagay pou toujou sonje: toujou itilize yon sèl kle pou tout desen ki menm. Si yon desen sou kat la pa gen okenn atribi, ou pap ka wè li sou plizyè pwogram ki la pou fèw we imaj sa yo.

Ne (pwen)

Yo rele yon pwen ou mete sou yon kat "ne" li gen yon latitid ak yon lonjitid e menm plizyè etikèt. pa egzanp yo konn itilize yon pwen pou montre swa yon magazen, yon stasyon bis, ban, tèt mòn e menm pou montre yon legliz. Yon pwen san tag (etikèt) ta sipoze yon pwen ki konplete yon desen osnon se yon erè.

Liy (tras)

Se yon pakèt pwen youn dèyè lòt. Yon liy gen pou pi plis 2000 pwen, pou si ke moun kap travay yo pa gen twò gwo desen pou yo ap trase ki kapab difisil pou touche. Liy yo la pou trase desen ki dwat tankou chemen, kay, wout pou machin, bò lanmè ak fontyè.

Pou kounya, poligòn pa yon tip enfòmasyon apa: yo se sèlman yon pakèt liy ki fèmen, sa vle di premye pwen an fè yon sèl ak dènye pwen an. Yo itilize yo pou trase kay, plas, ak yon ki okipe.

Relasyon

Yon relasyon se yon pakèt pwen, liy, ak relasyon ki youn aprè lòt. Chak pati nan yon relasyon gen yon wòl avèk opsyon ki mete yon enfòmasyon sou yon ti pati. Menm jan avèk tag la wòl sa yo anndan yon mo ki pa ka depase 255 lèt. Yonj relasyon ka montre ou yon sikwi wout pou machin oubyen moto, li ka montre ou bòn yon zòn, la tou sa depann de ki tag yo gen sou yo.

Sonje byen yon relasyon se pa yon kategori e yo pa dwe itilize yo sèlman pou mete desen ansanm. Pou sa yo wap ka jwenn tag yo fè pou sa. Siw bezwen plis enfòmasyon ale sou paj wiki sa: http://wiki.osm.org/wiki/FR:Relations/Relations_are_not_Categories.

Sa ki idantifye yon eleman

Nenpòt eleman nan baz enfòmasyon OpenStreetMap la gen yon nimewo ki idantifye chak. Nimewo sa pa gen yon definisyon pou li; yo sèlman la pou pèmèt ou rekonèt chak grenn eleman. yon relasyon ak yon liy sèvi ak li pou montre chak grenn eleman li gen anndan l. De (2) liy ap kontre sèlman si yo idantifye menm jan men se pa paske de pwen yo gen menm kowòdone. Se menm jan pou yon liy fèmen ki reprezante yon zòn dwe idantifye ak menm nimewo de fwa.

Fòma yon fichye OpenStreetMap 

Fichye enfòmasyon OpenStreetMap yo, depi lontan, toujou sou fòma XML* ki reprezante pwen, liy ak relasyon ak yon chema byen senp.  Yon fichye fòma XML konn gwo anpil se sak fe yo itilize pwogram ki bon anpil pou fe konpresyon an tankou gzip ak bzip2. Pifò zouti ki fèt pou travay sou fòma XML la ap kapab jere XML ki konprese a.

Pou rezoud pwoblem gwosè fichye ak pwoblèm tan fichye XML sa pran pou ouvè, yo fè yon dezyèm fòma ki itilize Protocol Buffers Google la; fòma pa li a se  PBF. Fòma sa li menm ka pran tout enfòmasyon yo epi fè yo fè youn nan yon fichye ki binè (). Sa li bay la menm pi sere ke yon fichye .bz2, avèk sa ou kapab fè yon trètman ki pi rapid toujou avèk fichye sa ki byen konprese a. Genyen plizyè lòt liv ki pèmèt ou li fòma sa nan lòt fòm ekriti.

Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.

Vous devriez rafraîchir la page.