Kounye a, nou kapab konnen kijan pou nou ajoute enfomasyon sou OpenStreetMap avèk editè Potlatch 2. Ou ka itilize li tou sou navigatè web ou a. Pi devan nou ap bay eksplikasyon sou aplikasyon biwo JOSM nan, ou ap kapab enstale sou odinatè ou a, ak lòt aplikasyon mobil vespucci e mazen.
Potlatch 2 se yon editè OpenStreetMap ki pèmèt ou fè modifikasyon nan baz enfomasyon OSM la. Anvan ou fè edisyon, ou dwe idantifye tèt ou anvan sou OSM ( Jan sa ekri nan chapit anlè a)
Atansyon: Menm lè nou wè Aplikasyon JOSM la nan lang kreyòl. Potlatch 2 poko tradui nan lang kreyòl Ayisyen an.
Nou kapab louvri edit Potlatch 2 nan sit web OpenStreetMap la. Paj aplikasyon sa a ekri an Flash. Nou pa kapab pa gen Flash sou paj entènèt nou. Klike kote nou wè ki make edite a nan komand anlè paj la. Nou ta dwe wè entèfas Potlatch 2 a sou imaj sa a.
Anlè entèfas Potlach 2 a, nou ap wè bouton ki pi enpòtan an:
Anrejistre/Enregistrer. Aprè nou fini fè yon chajman, fòk nou pa bliye klike sou
Anrejistre! Bouton asistans la louvri yon fenèt Potlatch 2,
Anile/Defaire efase edisyon nou te fè avan yo, e Refè/Refaire fè dènye chajman nou te fè epi nou te efase avèk bouton Anile yo parèt.
Nou kapab deplase kat la avèk souri. Anmenmtan nou ap kite dwèt nou sou bouton gòch souri a
Anlè nan kwen dwat, nou kapap wè twa bouton. Bouton + ak - yo pèmèt nou wè imaj pi gwo oubyen nou wè imaj la pi piti. Loup la louvri fenèt lè nou ap chache yon zòn
Sou pano agoch kat la, nou ap wè plizyè kalte pwen d entrè nou kapab ajoute sou kat la.
Pou ajoute yon pwen enterè nou sèlman glise ti ikòn kote ou vle mete pwen enterè a sou kat la.
Lè nou fini plase pwen enterè a, nou ta dwe wè sou pano goch plizyè onglè ki ap pèmèt nou modifye atribi sou objè yo. Ou kapab toujou edite yon lót lè atribi yon objè pandan ou ap seleksyone li. Ann souliye onglè ak enfomasyon nou ap antre yo depann de kalte objè a. Anpil nan objè yo gen plis onglè ladan yo.
Kounye a n ap gade onglè ki gen rapó ak magazen mizik (Music Shop). Nan Onglè Basic, nou ap kapab ajoute non magazen an.
Onglè "Details" gen anpil tèks ki ka modifye selon tip objè n ap edite a.
Onglè Adress pèmèt nou gen enfomasyon sou adrès postal objè a, ak adrès web li a.
N.B.: ou Ka kreye yon ne pandan nap fè twa klik sou yon espas ki vid nan kat.
Nou ka kreye liy pandan nap klike sou kat la. Premye klik la ap mete yon ne a, lot klik yo ap ajoute lot ne. Fè de klik pou pozisyone dènye ne a.
Pou kreye yon sifas, kreye yon liy pandan ou ap swiv prensip nou di avan yo epi fè de klik sou premye ne a pou fini sifas la.
klike sou yon objè nan kat la, pou seleksyone l e edite l. Objè a ap pi klere, pi vizib.
Ou ka menm rive seleksyone plizyè objè ansanm, klike sou objè yo pandan ou apiye sou touch "Ctrl" la.
Pou deplase ne yo, klike sou yon objè pou seleksyone l, ou ap wè ne yo parèt.
Kounye a, ou ka klike sou yon ne epi rale l nan yon lot pozisyon.
Ou ka klike tou sou yon liy epi glise l pou deplase bwat zouti edisyon an.
Ou ta dwe wè anba adwat kat la zouti ki ka deplase yo.
Bwat sa a ap pèmèt nou modifye jewometri objè ki la yo. Ann gade nan tablo sa a enpotans ikón sa yo.
Delete Efase objè ki seleksyone a.
Reverse Vire sans objè ki seleksyone a (OpenStreetMap bay enpotans nan jan ling ak Direction sifas yo trase, sa enpotan nan jan lari sans ink yo trase yo)
Split way Koupe liy yo an de moso.
Merge ways Fè de liy ki seleksyone fè youn; fok de liy yo gen ne komen.
Straighten way Alinye diferan ne ki nan liy ki seleksyone yo
Make circular Fe zon ou chwazi a vinn anwon
Make right-angled Transfome sifas la pou li ekè
Create parallel way kreye yon liy kot a kot ak yon lot liy ou seleksyone a
Anba bouton zoom yo, nou ka we yon desen loup, fonksyon sa pemet nou jwen yon kote spesyal nan Open Street Map, klike sou bouton sa a, yon bwat dyalòg ap ouvè.
Ekri non kote wap cheche a klike Search wap yon lis ki koresponn ak sa wap chèche a
Selksyone kote ou vle modifye a aprè klike sou Jump to.
meni anwo adwat Potlatch 2 a genyen bouton sa yo:
Pandan nap klike sou Background nap we yon meni kap paret, pou pemet ou mete yon kat anba enfomasyon OpenStreetMap yo. Imaj satelit Bing yo afiche nan Potlatch2.
Pandan nap klike sou stil kat sa nap chwazi style enfomasyon OpenStreetMap.
Pandan nap klike sou Options nap ka chanje lot paramet Potlatch 2.
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.