Pandan nap fè jefò pou nou mete anpil nouvo enfòmasyon sou "OpenStreetMap (OSM)", ou ka anvi pataje bèl travay ou fè yo nan fòm yon kat gewografik dapre jan lidew diw la. Si tout enfòmasyon ou mete yo kòmanse fè kat la bèl ou ta sipoze pataje bèl kat sa ak lòt moun tou. Chapit sa pral montre ou kòman ou kapab baw yon moun osnon yon òganizasyon kat gewografik sa ke ou fè a.
Pou kòmanse fòk ou konnen ke sit http://openstreetmap.org la ba ou yon mwayen pou itilize "Permalink", sa vle di li tou mete Latitid avèk lonjitid la nan adrès entènèt la, konsa lè ou itilize"Permalink" wap jwenn egzakteman zòn ou vle fè yo (moun osnon yon òganizasyon) wè a
Siw vle jwenn bouton "Permalink osnon Shortlink" wap gade a dwat, anba paj entènèt la lè ou sou sit "OpenStreetMap (OSM)".
Lè ou klike sou "Permalink osnon Shortlink" adrès entènèt la chanje li tou bay latitid la ak lonjitid la. Ou ka kopye adrès sa epi ou ka patajel ak lòt moun osnon yon òganizasyon si ou vle voyel sou imel li, sou foròm, sou blòg elatriye. Pou ka jwen bouton "Permalink" la fòk ou klike sou "voir". Wap jwenn li anwo paj entènèt la http://openstreetmap.org
Men kòman "Permalink" lan ap parèt lè ou klike sou li
Nan adrès "Permalink" la Latitid avèk lonjitid la parèt konsa "lat, lon". Pou ka mete yon makè sou kat sa wap sèlman mete "m" devan lat avèk devan lon egazanp "mlat, mlon".
Ou ka zoume soti nan 1 rive nan 18. Lè ou nan zoum nivo 1 wap wè tout peyi ki sou latè, zoum 18 la ap fèw wè tout enfòmasyon menm yon ti wou a pye. Pou ka met yon makè sou yon peyi li ta bon si ou ta mete kat la nan zoum 6, 7 osnon 8.
Ou ka chwazi enfòmasyon OpenStreetMap yo nan fòm kouch. Nan chak kouch enfòmasyon yo parèt yon fason ki pa menm.
Kouch M = Sa se kouch ou toujou wè ki parèt lè ou ouvè paj entènèt OpenStreetMap la.
Kouch O = Sa se yon lòt kouch OSMarender yo fè sou aplikasyon eponyme
Kouch C = Sa montrew yon kat ki plis rete sou wout ki fèt pou bekàn
Kouch T = Se yon kouch ki fèt pou transpò piblik. Nan kouch sa wap wè a klè wout machin, estasyon bis, ak wout pou train.
Kouch Q = Se yon kat ankachèt MapQuest fè men ki ap sèvi.
Pou pi fasil, ou ka klike sou ti siy ki anwo a dwat kat la wap jwenn anpil kouch konsa ou ka klike sou ti wonn devan kouch ou vle chwazi a. Kouch ou chwazi a ap parèt nan adrès "Permalink" la. Gen kouch ki gen pi bèl koulè ke lòt.
Siw gade byen wap wè "Permalink" la bay yon adrès oubyen yon sit entènèt ki long anpil paske li bay tout ti detay ki nan kat wap gade a. Siw ta pi renmen jwenn yon adrès ki kout ou ka gade menm kote ou te wè "Permalink"wap wè "Shortlink" . Lèw fin chwazi "Shortlink" la,wap ka kopye adrès la pou pataje ak (moun osnon yon òganizasyon).
Men Kòman adrès sa ka parèt: http://osm.org/go/xVvjORC
Si ou fè yon klik dwat sou kat la pou ka metepati ou vle a nan mitan "Shortlink" la ap mete yon "marker" pou ou sou kat la epi lap mete "?m" dèyè adrès la (URL).
Ti adrès (URL) kout sa yo bon anpil sitou lè wap voye yon SMS, lè wap voye mesaj sou Facebook. twitter elatriye.
Si wap itilize wèb paj ou pou ka montre ki kote biwow ye, makèt ou elatriye sa pral depann de kisa wèb paj sa vle montre,ou sipoze pran yon kòd HTML pou mete sou paj wèb ou a. Konsa, nenpòt moun ka wè kat sa sou telefòn li osnon li ka enprimel tou.
Men kòman pou pran kòd HTML la
Swiv 5 etap sa yo youn dèyè lòt san manke yonn...
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.