JOSM se yon editè OpenStreetMap pou òdinatè biwo. se yon editè ou pa bezwen konekte sou entènèt pou pou itilize l. Men, Lojisyèl sa a dwe enstale sou òdinatè ou la. JOSM se sig java OpenStreetMap, Li ekri nan langaj java a e li nesesite prezans JRE (Java Runtime Environment oubyen Aviwonnman pou reyalize java). Si li poko enstale sou òdinatè ou la, ou ka telechaje JRE sou sit sa a: http://www.java.com/fr/download.
Sa se ekran demaraj JOSM nan.
Chapit sa a bay anpil detay sou fason pou telechaje oubyen enstale JOSM, mosopamoso. Nou pral wè tou premye bagay pou fè pou konfigiire l pou fè l vin pi senp pou itilize. Pou fini, nou pral telechaje yon kat ki senp e nou pral wè premye fonks
Yon lojisyèl yo genyen.
Nan navigatè web ou pi renmen an, ale sou sit JOSM nan http://josm.openstreetmap.de. Ou ka tou pwofite chache JOSM nan yon motè rechèch.
Sit web JOSM nan( vèsyon fransè)
Si ou ap itilize windows, klike sou "L’Installateur JOSM pour Windows" pou telechaje JOSM. Si ou ap itilize yon lot sistèm eksplwatasyon, klike sou sit entenet ki apwopriye a. Telechajman ta dwe komanse.
An jeneral, JOSM fonksyone menm jan ak lot sistem eksplwatasyon yo, sof faz enstalasyon an. Nou ap bay detay sou ka sa yo si nesesèChache fichye enstalasyon JOSM nan sou dikedi ou la. Fè de klik sou li pou demare enstalasyon lan.
Ou dwe gen pou pi piti v èsyon 6 Java sou sistèm ou an pou JOSM nan fonksyone.
Anba Windows la, sa k ap fè enstalasyon an ap fè ou chwazi lang lan, epi l ap afiche ekran ak èy la. Klike sou suivan/Suivant epi sou "je suis d'accord" pou aksepte lisans lan. Apre sa, ou ka chwazi sa ou vle a. Pou fini, chwazi wout enstalasyon an epi klike sou enstale. Lè enstalasyon an fini, klike sou suivan/Suivant epi sou "terminer" pou lanse JOSM nan. Apre, lè ou vle lanse JOSM yon lot fwa, Ou prale nan meni demare, epi klike sou ikón JOSM nan.
Sou Mac OS X, Klike de fwa sou fichye a pou louvri l, epi klike de fwa sou fichye Aplikasyon an pou lanse JOSM.
Sa ka rive ou wè fenèt k ap pwopoze ou renouvle Lojisyèl la. Ou p ap bezwen sa, paske enstasyon an fèk fèt: Klike sou bouton "Abandon". Si ou pa vle wè mesj la, koche ti kare anba avan ou fè sa.
Ekran demaraj JOSM nan sanble ak sa a:
Ann louvri fichye OSM nan kounye a pou n ka w.
è premye desen yo nan JOSM. Ann souliye kat sa a pa reyèl, nan sans se pa yon vrè kat yon kote ki te egziste deja. nou p ap anrejistre nan OpenStreetMap.
Navigatè ou la la, ale nan adrès sa: epi anrejistre fichye sa a sou diskedi ou la.
Kounye a, ann louvri fichye JOSM sa a. Lanse JOSM, epi klike sou bouton louvri a ki anwo agoch la.
Jwenn fichye Sample.osm nan, seleksyone li epi klike sou louvri/Ouvrir. ou ka wè yon kat kom egzanp, nan tip sa.
Egzanp fichye (sample) OpenStreetMap
Pou deplase kat la nan kat direksyon, apiye sou bouton adwat souri a, epi souri a.
Gen plizyè fason pou rale oubyen pouse imaj la sou kat la. Avèk souri a, molèt la ap fè sa. Ou ka itlize tou echèl ki anwo agoch kote desen an ye a: Peze sou li ak bouton goch.
Gade objè fichye egzanp sa yo. genyen kèk objè ki reprezante: yon larivyè, Forè, kèk kay, plizyè, wout ak plizyè kèk magazen. Pou seleksyone yon objè, anlè avèk bouton goch la.
Pandan ou ap klike sou diferan objè sou kat la, ou ka note gen twa tip diferan; ne yo, ling yo, sifas yo (poligonal).
Ne yo se objè ki toujou la, se senbol ki reprezante yo. nan egzanp sa a, gen de ne: yon magazen rad (yon mayo reprezante l) e yon sipèmache (yon kadi reprezante l).
Ou kapab tou wè plizyè ling sou kat la, ling sa yo reprezante wout. Lè ou gade pi pre, ou ka wè wout prensipal la gen plizyè ti moso, se ne yo ki limit yo. Ne sa yo pa gen senbol oubyen lot enfomasyon ki mache ak li: yo sèvi sèlman pou defini ling ki reprezante wout la.
Pou fini, gen tout kalte ling ki fèmen sou kat la, ki reprezante diferan objè yo: yon forv, yon pati nan yon larivyè ak kay yo. yon ling ki fèmenreprezante yon sifas an jeneral, tankou yon jaden oubyen yon yon kay. Yon ling fèmen ki gen plizyè segman,li menm jan ak yon ling, sèl diferans yo genyen dènye pwen Ling nan fv yon ak premye pwen an.
Ou ka remake lè ou seleksyone yon objè, yon lis parèt adwat nan pati ki rele atribi a. Eleman ki nan lis sa a yo rele atribi (Tags an anglè). Se enfomasyon ki gen rapò ak objè a (ne, ling, oubyen sifas) ki pou dekri l. kounye a, ou bezwen konnen enfomasyon sa a pèmvt nou presize si objè se yon forè, yon larivyè, yon kay, oubyen lot bagay.
Seleksyone forè a, agoch kat la. Atansyon byen klike sou ling ki antoure objè a men pinga ou klike sou yon ang. Kounye a, peze bouton goch souri a san ou pa lage l : ou ap ka deplase forè a sou kat la.
Klike kounye a sou youn nan ang yo kote l fini an. Kenbe epi peze bouton goch la souri : ou ap deplase pwen sa a. Se konsa ou ka modifye fòm yon objè oubyen deplase yon pwen.
Kolonn agoch JOSM nan fèt ak bouton. Anpil ladan yo louvri lot fenèt sou kote dwat la pou afiche plis enfomasyon sou kat la. Men, sa yo pi itilize yo se kat bouton anwo yo: yo modifye aksyon souri a ap fè a, pandan y ap pèmèt ou:
Anvan ou fè desen, asire ou pa gen anyen ki seleksyone: klike sou pati nwa kat la, kote ki pa gen anyen anyen.
Klike sou dezyèm bouton an, zouti pou fè desen.
Mete souri a sou yon pati ki vid nan kat la epi klike de fwa : fè desen yon pwen pou kont li.
Pou desine yon ling, klike yon fwa, deplase souri a epi klike yon lot fwa anko. Kontinye mete segman jiskaske fom ou bezwen an parèt, epi fè de klik sou premye pwen nan ling nan.
Pou desine yon sifas, se menm bagay la, pou fe sa ou dwe fe de klik sou premye pwen an.
Ajoute atribi yo
Kounye a nou konn trase pwen, ling ak sifas, men nou pokodefin sa yo reprezante. Nou vle di pwen yo se magazen yo ye, lekòl oubyen lòt bagay, epi yo se ling tou, wout ak sifas, forè, paregzanp.
Klike sou bouton seleksyon an.
Seleksyone youn nan objè ou te desine yo ak pwòp men pa ou. Klike sou meni Atribi/Attribut epi seleksyone avèk souri a sa ou ta ta renmen defini an pandan ou ap itilize sa ki andan meni an.
Lè ou klike sou yon modèl atribi, yon bwat dyalòg parèt, ou ka ranpli avèk lòt enfòmasyon. Ou pa oblije ranpli tout sa ki ladan l, men li ta toujou bon pou ranpli sa ki pi enpòtan yo tankou non objè a.
Lè ou fin antre enfòmasyon yo, klike sou Aplike atribi/Appliquer les attributs. Si tout bagay fèt byen, objè ou la ap chanje koulè oubyen ap gen yon senbòl afiche sou li.
Fè kat pa ou la
Mete kat la lwen objè egzanp yo: kenbe outon dwat souri a epi deplase souri jiskaske ou jwenn yon zòn vid pou, modifye.
Itilize zouti pou fè desen an pou ou ka kreye lòt pwen, lòt si yak lòt fòm. Epi ale nan atribi pou ka dekri objè a.
Lè ou fini, ou déjà gen kat pa ou la ki sanble ak egzanp nou te bay nan fichye sample.osm nan.
Nan pati sa a, nou pral aprann kijan pou modifye enfòmasyon OpenStreetMap yo epi kijan pou ajoute sa nou fè yo. Men premye demach nan katografi OpenStreetMap la.
Etap 1 : Telechaje Pran enfòmasyon ki fèk tonbe yo nan OpenStreetMap yo.
Etap 2: Modifye Modifye kat la pandan ou ap itilize enfòmasyon ou gen dwa pou itlize yo(paregzanp : imaj yo pran anlè yo, tras GPS yo, oubyen nòt yo ekri sou yon « walking paper ».
Etap 3: AnrejistreVoye Chanjman ou fè yo sou OpenStreetMap.
Lè ou sou windows, klike ou meni demaraj la anba agoch epi ale sou ikón JOSM nan. Si ou sou Mac, fè dech klik sou aplikasyon JOSM nan pou lanse.
Apre sa, telechaje tout kouch ki koresponn ak sous enfòmasyon yo(imaj yo pran anlè yo, tras GPX yo, oubyen nòt yo ekri sou yon « walking paper »). Ou pa oblije louvri tout sa yo anmenmtan, kanmenm ou ka fè sa.
Si ou pran yon foto pandan ou soti avèk GPS la, ou ka mete foto sa yo sou kat la. Nan blok kouch (layers) ki anwo agoch ekran an, ou ap jwenn lis fichye gpx ki koresponn ak tras GPS la. Fè yon klik dwa sou li epi seleksyone Importer des Images nan meni ki ap dewoule a. Seleksyone repètwa foto yo ye, epi sou louvri/Ouvrir. Depi foto fin kopye, yo ap parèt sou tras fenè t prensipal la, epi ap gen yon lot kouch enfomasyon"Images géoréférencées" k ap parèt nan blok kouch la anwo adwat fenèt la. si foto yo pa ta nan bon plas yo, sa kapab gen rapo ak yon pwoblèm senkwonizasyon aparèy foto a, sa vle di li dwe gen menm lè ak GPS la. Ou ka korije defo sa si ou fè yon klik dwa sou kouch "Images géoréférencées" epi senkwonize lè a avèk lè GPS la, epi ou ap jwenn foto ki montre ekri GPS la. Endike lè ki afiche sou foto a yo, fok ou sonje dekalaj lè a parapo a lè inivèsèl la. sa a ap mete tout foto yo nan plas yo sou kat la.
Avan ou modifye kat la, nou dwe telechaje enfomasyon ki egziste nan zòn ou sible a. Pou fè sa, ou dwe konekte sou entènèt.
Lè ou louvri tras gpx oubyen walking paper ou la, fenèt presipal la ap tou pwente sou bon kwodone yo. Le ou fin louvri fichye ou, gade nan kwen anba a agoch nan JOSM nan. Ou ap jwenn kwodone avèk souri ou la an latitid e an lonjitid.
Menm jan fenèt Katografik la montre kote ki modifye a, li fasil pou telechaje enfomasyon enpotan yo. Nan meni JOSM nan, l ap pi senp si ou itilize bouton telechajman an ki anba meni an:
Lè ou fenèt la louvri, ou ta dwe wè yon ka avèk yon yon rektang woz ki pa fin twò parèt. Si sa pa ta fèt, klike sou onglè ki ekri "Carte glissante" lan.
Rektang woz la reprezante zòn enfomasyon ou ap telechaje a. si ou pa deplase kote ou te wè a apre ou fin kopye fichye a (GPS oubye walking paper), rektang lan ta dwe kouvri apti ou te pran an. Men si ou vle telechaje yon lot zòn ki pi gwo, ou ka desine yon lot rektang: klike sou kat la, Peze bouton goch souri a epi deplase souri a pou delimite rektang ou a. Lage bouton an pou valide zòn.
Lè ou fin nan zòn ou chwazi a, klike sou bouton Telechaje/Telecharger anba a nan fenèt la. JOSM ap rekipere enfomasyon yo sou sèvè OpenStreetMap la epi reprezante yo nan pati katografi a pou modifye yo.
Apre sa, modifye kat la epi ajoute lot objè yo. Sa pa toujou fasil lè ou ap komanse, men ou prale rapid.
Si ou vle deplase yon pwen, yon ling oubyen yon fom, itlize zouti seleksyon an. Klike sou yon objè epi rale l mete l nan plas li. Se fasil pou mete yo nan plas yo.
Itilize zouti pou fè desen an pou trase lot ne, liy ak sifas. Dekri objè sa yo avèk meni atribi/Attributs.
Sonje tras GPS ak walking papers ou la p ap tou alimante OpenStreetMap. Ou dwe ajoute l ak men ou sou kat OSM nan pandan ou ap itilize zout desn an. Men enfomasyon (tras ak GPS yo, Walking Papers) sou fon an pou gide ou.
Ann imajine nou te pran yon pwen d entere. (waypoint) nan GPS nou sou nimewo 030, epi nou te note nan kaye nou 030 se yon lekol. Pou mete obje sa nan OpenStreetMap, noub dwe seleksyone zouti desen an epi klike de fwa sou pwen 030 nan fenet katografik la. Sa ap kreye yon pwen nan kouch enfomasyon. Apre, ou ap louvri meni atribi/Attributs epi ou ap jwenn mwayen pou mete enfomasyon pou yon lekol. Nan fomilè a, antre non lekol la epi aplike. Fè menm jan an pou liy ak lot fom yo. fin
Fenèt ki parèt la ap afiche lis objè ou te ajoute oubyen modifye yo ak tout sa ou te efase yo, lè ou t ap travay sou odinatè ou la. nan sa ki anba yo yo, aplikasyon ap mande pou antre yon komantè ki gen rapo ak chanjman ou te fè yo. Li enpotan anpil pou bay rezon ou te fèe sa (operasyon ou te fè yo, rezon ou te modifye l la,..).
Klike sou Envoyer les changements.
Lè ou fenk eseye voyel ale, aplikasyon ap mande ou antre non itilizatè ou ak modpas ou te kreye nan chapit 2 a. Si ou koche kare awopriye a, enfomasyon sa ap anrejistre na lokal epi ou p ap gen pou bay yo apre. Klike kounye sou identifye ou/s'identifier.
Ou dwe tann kèk segonn pase pou li ale nèt, epi se fini: ou te fè premye modifikasyon nan OpenStreetMap! Ou ka kontinye edisyon an pou ajoute lot enfomasyon si ou vle. asire ou toujou voye enfomasyon ou yo avan ou femen JOSM nan.
Wè chanjman ou fè sou kat la.
Louvri navigatè la sou openstreetmap.org. Ale sou zon ou vle modifye a. Ou ta dwe wè chanjman an parèt sou kat la. Osnon, eseye "Ctrl+R" pou rafrechi paj web la. Pafwa kat la pa tou renouvle epi ou dwe revoye l. Si ou pa wè chanjman an? Pa enkyete ou: sa ka pran yon ti tan pou chanjman yo parèt sou kat la. Pa pè verifye modifikasyon yo nan JOSM pou asire ou yo ajoute komsadwa. Si pwen ou lan gen yon ikón nan JOSM, Ou ta dwe ka wè l sou sit OpenStreetMap la.
Kounye a ou konnen koman ou ka itilize JOSM, nou pral bay plis detay sou jan kèk lojisyèl fonksyone, pou ka byen konprann.
JOSM nan gen anpil fonksyonalite. Ou deja abitye ak fenet prensipal la. (osnon fenet katgrafik), kote aksyon prensipal la ap fèt! Se la ou ap gade epi modifye enfomasyon OpenStreetMap la.
Adwat, ou ap wè yon kolonn blok (Panels), yo chak la pou fè yon aksyon diferan. Lè ou premye enstale JOSM, anpil pano ap tou monte pou kont yo, espesyalman Kal (Layers), Atribi/(Properties) epi seleksyon. Lè ou seleksyone yon objè (ne, liy, fom) nan fenèt prensipal la, li detaye nan blok seleksyon ak atribi a. Non moun ki te kreye l la ap afiche tou, nan blok Moun ki te fè l la.
Sou kote goch la, ou ap jwenn plizyè trè zouti k ap pwopoze plizyè bouton. Anwo, ou ap jwenn bouton prensipal yo, sa k ap pèmèt ou chanje mod itilizasyon souri a. Ou deja konnen de premye yo: Seleksyon ak Desen. lot yo se zouti pou fè zoom, pou efase, pou kreye sifas epi kreye liy paralèl.
Anba, ou ap jwenn anpil lot bouton. Bouton sa yo soun kote dwat la. Ou ka louvri epi fèmen blok ki adwat la.
Si ou poko fè l, louvri fichye GPS ou eoi telechaje enfomasyon OenStreetMap yo. Ou remake chak fwa ou louvri yon fichye, telechaje enfomasyon, elatriye. yon item ap ajoute nan lis kal la. Blok sa a sanble ak imaj sa a.
Chak item nan lis sa a reprezante yon sous enfomasyon ki louvri fenèt katografik la. Nan egzanp sa a"kal enfomasyon 1" li gen enfomasyon OpenStreetMap ki te edite. "Makè" se lis pwen d enterè (waypoints) GPS la epi "30-jen-2011.gpx" se tras gps la.walking papers" la se yon kouch ki te kreye lè yo t ap ajoute walking paper nan JOSM nan
Ou ka ajoute kal imajri ki fet anlè (satelit) Bing, nou ap klike sou m, ". Imagerie > Bing Sat.
Pou kache yon kal ki afiche, ou ap selman klike sou bouton Afiche/Kache (Afficher/Masquer),
Ou ta dwe wè kal ki gen rapò ak fenèt prensipal la. yon lòt klik ap fè l parèt ankò. Ou ka fèmen kal pandan ou ap itlize bouton siprime a:
Pou fini, ou dwe konnen ou ka modifye kal JOSM chwazi pou aktif la. Si editè a anpeche yo modifye kat la nan fenèt prensipal la, sa ka rive ou pat aktive kal ki bon an. Anpil nan kal sa yo, tankou GPS ak walking paers ak imajri satelit pa ka modifye. sèlman kal OpenStreetMap yo ki ka fè sa, yo toujou rele yo"Kal enfomasyon 1(Calque de donnees1). Pou aktive yon kal, seleksyone li nan lis epi klike sou bouton Aktive:
JOSM gen kèk zouti anplis kap fasilite ou trase liy ak fò m. Zouti sa yo wap jwenn yo nan lis zouti yo ki anwo nan JOSM nan.
Pou travay ak lis sa yo ou chwazi yon desen (pwen,liy, oubyen zòn) ki nan kare wap travay la. Travay zouti sa yo fè ki pi enpòtan yo se :
Pafwa lè ou fin chaje enfomasyon OSM yo, ou pito anrejistre li sou machin ou an pou ka modifye li lè ou dekonekte (off-line), epi ou voye li apre fin konekte sou entènèt. Pou anrejistre yon fichye JOSM, ou dwe komanse verifye kal ki gen rapo ak li a, epi klike sou meni fichye>anrejistre (Fichier > Enregistrer). Ou ka tou itilize bouton rakousi a.
Chwazi yon kote pou mete yon non pou fichye ou la sou diskedi a, fichye ou la ap anrejistre konsa:Non.OSM" meni fichye > louvri fichye (menu: Fichier > Ouvrir un fichier).
Lè wap trase yon desen (pwen,liy,ak zòn), ou bay fòm li men ou pa di kisa li ye. Ou ka di tou ou konn kote li ye men ou pa konn sa li ye. Jiskounya nap itilize tag pou di kisa yon desen ye.
Sèl fason pou di kisa yon desen ye nan OpenStreetMap se ak atridi (tag). Yon tag se yon etikèt ou kole nan yon bagay. Egzanp sim fè yon kare,se sèlman yon kare. Men mw kapab mete plizyè atribi sou li aprè pou di kisa li ye:
Sou yon desen ou kapab mete valè atribi ou vle. Chak tag sa yo anrejistre tankou se yon pè mo, kle (key) ak valè (value).Tout eksplikasyon anlè yo tradui konsa(pa bliye kle yo ak valè yo toujou an anglè):
Lè ou klike sou yon desen sou JOSM, ou ka wè tout tag li yo nan fenèt tag yo (properties).
Ou ka mete, chanje ak efase tag nan fenèt sa. Nòmalman tout tag yo toujou an anglè. Se sak fè lap pi fasil pou ou ale nan lis presèt yo.
Pou travay pi rapid ak klavye a:
Pafwa li Nuizib pou ou ap klike sou tout lis JOSM yo. Erezman genyen fason pou ale pi rapid sou klavye pou fè travay nou pi konnen yo e menm lòt travay nou pa tèlman fè.Men kèk rakousi nou pi itilize:
.s - itilize zouti pou chwazi
.a - itilize zouti pou fè desen
.z - itilize zouti pou fè zoum
.+ (plis) - pou fè zoum sou imaj la
.- (mwens) - pou dezoume sou imaj la
.p - koupe yon liy an de.
.c - fè de liy fè youn
.o - fè plizyè pwen tounen won
.l - mete plizyè liy youn dèyè lòt
.q - fè kare
Si ou bezwen plis detay sou tout chemen kout sou klavye a wap jwenn li nan sit JOSM
nan: http://josm.openstreetmap.de/wiki/Fr:Shortcuts
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.