Sites


OpenStreetMapAyiti

Premye etap

Genyen anpil mwayen pou mete enfòmasyon sou OpenStreetMap. Nan tout mwayen sa yo yap mande nou, pou nou kreye kont itilizatè nou pou nou kapap mete enfomasyon yo. Chapit sa a pral fè nou konnen kijan pou nou kreye kont itilizatè nou epi nou pral kapab kòmanse ajoute, antre enfomasyon.

Tèm itilize sou d'OpenStreetMap

Pou nou kapap kreye kont nou epi kòmanse kontribye ale sou sit OpenStreetMap la  http://www.openstreetmap.org/

Pou ou kapab enskri epi genyen yon kont itilizatè, klike sou S'inscrire anlè paj la. Si ou te gentan kreye yon kont itilizatè klike sou Connexion epi ale jis anba chapit la nan seleksyon « Premye modifikasyon an ».

Men fomilè kreyasyon kont itilizatè a.

 

Ou dwe anrejistre 2 fwa adrès imel ou Adresse e-mail, pou ou asire ou ke ou pa twonpe. yap mande ou apre pou ou antre non ou vle pou ki parèt la Nom affiché, sa vle di non ou swete parèt pou idantifye ou pou kontribisyon ou. E aprè ou prale anrejistre 2 fwa mod pas ou Mot de passe.  Klike sou Kontinye Continuer. Konnen enfomasyon sa yo ap piblik.

Ou rive kounye a sou paj ki gen tèm Kontribitè a.


Chwazi non peyi ou vle a osnon chwazi Reste du Monde si ou pa wè li . Aprè, li Kondisyon Itilizatè a nan lang oubyen nan lang ou vle a. Yap mande ou pou ou deside kondisyon itilizasyon kontrinisyon ou yo. Tout enfomasyon yo prale direkteman sou lisans lib licence Creative Commons Attribution-ShareAlike 2.0. Sa a bay posibilite pou yo itilize travay ou yo ankò a kondisyon ke ou di sous la nan lide pou konsève menm kontra lisans lib la pou lòt travay.

Ou kapap chwazi mete kontribisyon ou piblik nan sa ki gen a wè ak lisans lib la. lè ou kroche kazye a. Nap fè nou konnen anko ke  nou pase chwa sa a. li se yon pasaj oblije li enplike ke ou otrize itilizasyon  travay ou a san yo pa bezwen mande ou pèmisyon  kelkeswa  moun nan.Pou nou ka konnen plis detay sou sijè sou sit sa a http://www.osmfoundation.org/wiki/License/Why_would_I_want_my_contributions_to_be_public_domain.

Klike sou aksepte  pou ou ka suiv metòd anrejistreman an. Avan ou konekte ou dwe al gade nan bwat imel ou te bay la, wap jwenn yon imel pou konfime inskripsyon an wap swiv sa li di yo.

Si ou deja genyen  yon kont klike anlè paj la  nan kwen kote ou wè ki make connexion an, wap vini dirèk sou paj koneksyon an.

Mete adres imel ou, non itilisatè ou e mod pass ou epui klike sou connecter.

Kounye a ou pare pou pote premye kontribisyon ou nan mete infomasyon sou OpenStreetMap. 

Premye kontribisyon

OpenStreetMap itilise yon editè online ki rele potlatch2 pou  utilise un éditeur en ligne appelé Potlatch 2 pou travay ak done yo. zouti edisyon sa sa ekri an flash sa a kòz ke li nesesite.

Par défaut, OpenStreetMap utilise un éditeur en ligne appelé Potlatch 2 pour manipuler les données. Cet éditeur est écrit en Flash et nécessite donc que le plugin Flash soit installé sur votre navigateur. Si c'est déjà le cas, cliquez sur l'onglet Modifier et l'écran de chargement apparaîtra. Une fois le chargement terminé, vous serez prêt pour votre première modification des données.


Li posib pou nou mete tout sa nou imajine sou OpenStreetMap. Se yon  bèl bagay men li ka yon pwoblèm pou yon moun ki fèk konn teknoloji a. Li bon pou yon moun ki fèk ap kòmanse ale ti pa pa, li ka kòmanse mete yon restoran, ajoute yon lekòl, ranje yon enfòmasyon ki pa te kòrek sou yon wout. Sou paj wiki OpenStreetMap gen lis ki gen tout sa ki merite al sou kat la http://wiki.openstreetmap.org/wiki/FR:Map_Features.

PA janm bliye sa lè nap edite sou OSM nou pa dwe janm kopye yon enfòmasyon ki sou copyright, ni enfòmasyon ki soti sou yon lòt kat ki sou entènèt kòm Google Maps, Bing Maps. Enfòmasyon yo gratis men yo pa lib se sak ki fè nou pa kopye yo a. Fason ki pi senp pou nou respekte règ sa yo se pou na ta sèlman fè sa nou kapab fe yo ak zouti ki disponib sou OSM yo.

Nan egzanp sa nou pral ajoute yon  guesthouse  sou kat la, lè nou fin fin chaje Potlatch 2, nap wè paj ki anba parèt konsa. Nou ka wè a goch paj la yon seri bagay nou konn itilize chak jou. Klike sou desen nou wè ki gen rapò ak sa nou vle mete a, ale plase li nan plas  li sou kat la. 


Si desen an pa twò sanble ak sa  nou vle mete a, chache ak souri a  nou ap  yon pil enfòmasyon sou desen yo, nou kapab jwenn desen ki bon "Guesthouse (B&B)" la  pou menn mo sa moun ki pale angle yo di Bed and Breakfast


Le nou fin byen mete dessen an sou kat nou pral paj ki anba parèt konsa. Agoch nap ka konplete enfòmasyon, ajoute non "Guesthouse (B&B)" la.


Toujou sonje anrejistre travay la. Se konsa lap monte sou kat OSM la  epi lòt moun ap kapab itilize enfòmasyon sa. Pou nou anrejistre: fè Save sou paj anwo a epi paj anba ap parèt  avèk yon ti kare ladan li ki rele bwat dyalòg  ki gen  "Save Changes" make anlè li a goch nou, kapab klike sou Save anba sou bò dwat ti kare a. 


Nou kapab modifye yon wout avèk Potlatch 2. Nou ka sèvi avèk ak foto satelit fè egzanp imaj Bing kòm yon kat ki parèt anba. Sa ap ede nou pi byen plase tras yo. Si nap kreye yon wout ki pate ko la: klike sou yon wout ki la deja. Klike kote nou wè yo prale rankontre a, kòmanse li la.

Sonje sa, si nou pa rive klike sou wout la, nou dwe ajoute yon ne pou ka kòmanse wout la. Klike sou wout la pandan nou kite men nou sou touch ki fè lèt majiskil la (shift), wout la ap parèt.Nou ap pale sou sa ki rele ne a nan yon lòt chapit.

Nou ap itilize souri a pou nou trase wout la jan li ye. Lè nou rive kote ki gen koub mete plizyè pwen pou ka jwenn fòm li. Nou ap kontinye jis nou rive kote li dwe rive a, lè sa nou ap klike de fwa.

 Nou dwe di ki tip wout nou sot trase a. Yo  ap ban nou tablo ki anba la. Nou ap wè yo ekri a goch li "No tags set" ki vle di pa gen enfòmasyon. Nap klike sou ti triyang la, li ap ban nou yon lis. nou ap chwazi "Roads" ki vle di wout. Yo ap ban nou tout tip wout yo egzanp wout primè, sekondè elatriye, nan egzanp sa se yon wout rezidansyèl (residential).


Aprè nou fini fè sa, nou gen posiblite pou nou ajoute plis enfòmasyon sou wout la pandan nou ap ranpli yon lis ki gen kesyon pou nou reponn yo. Nou ka mete non wout la,  nou ka di konbyen machin ki ka pase sou wout san sa, èske se yon yon wout moute pa desann osnon desann pa moute.


Nou ka sèvi avèk sa nou wè sou foto satelit voye yo, enfòmasyon kite la deja osnon di sa nou te wè lè nou te sou tèren. Pi lwen nou prale wè kòman nou ka ajoute lòt enfòmasyon avèk lòt zouti anplis GPS ak Walking Papers (http://walkingpapers.org).

Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.

Vous devriez rafraîchir la page.