Se vre nou konn di nenpòt moun ka edite enfomasyon OpenStreetMap yo, men fòk moun sa konnen kèk tèm kle de baz. Chapit sa pral fèw wè kèk nan tèm wap bezwen konnen pou komanse kontribye.
OpenStreetMap gen plizyè kalite figi/fòm jewometrik: Pwen, Tras, relasyon ak tag.
Pwen: Se yon figi/fòm jewometrik ki gen latitid ak lonjitid. Yon pwen ka reprezante yon bagay ki enpotan/ pwen denterè tankou yon pye bwa, yon bwat postal, li ka montrew tou ki kote yon vil ye oubyen ki kote yon vilaj ye.
Tras: Se yon liy ou trase avek zouti ki disponib pou sa. Liy/tras sa ka reprezante yon wout ki asfalte, yon wout tè ou si non yon ti koridò.
Espas/Sifas: Se yon liy/tras ki fèmen, pwen komansman vin rankontre ak pwen final la. Atansyon tout liy/tras ki fèmen kote pwen komansman vin rankontre ak pwen final la pa fòseman yon sifas/espas. Tankou won pwen yo, yo se liy/tras femen, men yo pa reprezante yon sifas, pandan si espas kote liy/tras ki fèmen an ye a se yon lak ki la alòs li reprezante yon sifas/espas (sifas nan ka sa diferan de matematik).
Relasyon: Yo itilize relasyon pou regwoupe on paket bagay ki relye jewografikman. Li pi fasil pou konprann Relasyon an ke saw sot wè avan yo, men ou pap bezwenl kounyea pou kontribye nan OpenStreetMap. Ou ka itilize Relasyon an pou gwoupe ansanm wout ki nan yon sikwi tap-tap. Nan ezamp sa, ou pa bezwen trase wout pou sikwi tap-tap sa men wap itilize wout ki deja la nan OpenStreetMap pou relye ak estasyon tap-tap ou kreye a. (si wout la pot ko sou OpenStreetMap se nòmal pou kreyel...)
Tag: Se de tèm yo met ansam youn rele Kle lòt la rele Valè ke yo itilize pou di ki sa yon figi/fòm ye.
Changeset: Se yon pakèt modifikasyon oubyen yon ansanm de travay ou fè sou OpenStreetMap. Lè ou voye yon travay ale sou Openstreetmap oubyen lè ou fè yon chanjman nan yo Objè kelkonk yo anrejistre yon nan yon ansanm, nan yon gwoup. Gwoup sa disponib sou OpenStreetMap sou kont ou te kreye a. Wap jwenn li nan kote ki make "Historique la".
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.