Liv sa a fèt pou moun ki renmen katografi epi ki fèk rantre nan aktivite sa, men ki poko konnen OpenStreetMap. Gran konesè OSM yo prale bay plis enfomasyon nan de (2) dènye seksyon yo.
Ouvraj sa a se yon tradiksyon plizyè moun te fè nan lokal Ayiti kominotè a soti 03 pou te rive 07 Desanm 2012. Moun ki te patisipe nan kokenn chenn travay sa se: Samuel Paul ALCÉ, Judith Cerisier, Waguens Acé, Jean Bully Prophete, Jean Junior Neptune, Waikhell James Barthélemy, Rémy Schneider epi Anne Goldenberg ki te reprezante Floss Manuals Francophone.
Men objektif liv sa a:
Editè: Floss Manuals Francophone
Tèm: Katografi kolaborativ, open data, enfomasyon gratis.
Rezime: Liv sa a genyen anndan li: kisa katografi kolaborativ la ye avèk OpenStreetMap. Li bay eksplikasyon tou sou kominote kap itilize enfomasyon OpenStreetMap yo, teknik pou modifye kat yo, Aplikasyon katografik mobil ak yon sèvè web ki fèt pou fini kat la.
Tip dokiman: Manyèl kolektif
Lisans: Creative commons BY-SA
Lang: Kreyòl, Tradiksyon nan vèsyon fransè: OpenStreetMap.
Il y a une erreur de communication avec le serveur Booktype. Nous ne savons pas actuellement où est le problème.
Vous devriez rafraîchir la page.